Accessibility links

Breaking News

KOVID-19 USA: Majistra Kominal Eta Jòji yo nan Konfwontasyon Avèk Gouvènè Kemp


Majistra Kominal Keisha Lance Bottoms ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Atlanta, Eta Jòji, nan dat 4 janvye 2018. (Foto Achiv)
Majistra Kominal Keisha Lance Bottoms ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Atlanta, Eta Jòji, nan dat 4 janvye 2018. (Foto Achiv)

Nan vil Atlanta, Eta Jòji, Ozetazini, Majistra Keisha Lance Bottoms avèk kòlèg li nan plizyè lòt vil nan Eta a ranfose defi yo lanse bay Gouvènè Brian Kemp nan jounen jedi 16 jiyè a kote yo fè l konnen yo kanpe fèm sou desizyon yo pran pou yo fè sitwayen yo obligasyon pou yo mete mas nan figi yo lè yo twouve yo nan yon lye piblik (lè yo di lye piblik la, y ap pale de tout kote yon moun ka bezwen ale pou l jwenn tout sa manm piblik la ka bezwen pou vi nomal yo: tankou restoran, otèl, magazen, elt). Majistra yo kanpe sou bit sa a menm aprè gouvènè a, ki se yon repibliken, te pase yon lòd trè klè ki entèdi otorite vil yo ak awondisman yo dekrete okenn règleman sou kesyon kachne a; kidonk gouvèvè kite sa ochwa pou sitwayen yo aplike l oubyen pa aplike l.

Vremanvre, otorite nan omwens 15 vil ak awondisman nan Eta Jòji -pami yo nou jwenn majistra kominal vil Atlanta a, Madam Lance Bottoms- te deja pase lòd pou moun mete mas nan figi yo kòm pwoteksyon kont pandemi kowonaviris la e anpil nan otorite lokal e rejyonal sa yo montre yo pa kontan ditou dèske gouvènè a ap minimize enpòtans desizyon yo pran an. Pòtpawòl Majistra Lance Bottoms nan, Michael Smith, deklare:

”Desizyon majistra a ap rete an plas, paske se lasyans ak statistik k ap kontinye gide premyè sitwayèn vil la lè l ap pran yon desizyon.”

Gouvènè Kemp pa di lekontrè. Li fè konnen li dakò 100% pou moun yo mete mas nan figi yo pou konbat pwopagasyon kowonviris la; men, depi kèk semèn deja, li pa sispann di otorite vil yo ak awondisman yo pa gen pouvwa pou yo oblije sitwayen yo mete kachne nan lye piblik yo. Kom eksplikasyon pou pozisyon sa a, Gouvènè Kemp di otorite lokal yo ak otorite rejyonal yo pa gen dwa pou yo pase yon lòd ni mete an aplikasyon yon règleman ki pi sevè ou mwen sevè pase lòd ak règleman ki sòti nan biwo gouvènè a e ke moun dwe respekte atravè tout eta.

XS
SM
MD
LG