Nan youn nan repòtaj nou te prezante semèn pase a konsènan dispozisyon gouvènman yo atravè lemond pran pou yo konbat pandemi KOVID-19 la, nou te pale de yon pwogam Lèzetazini lanse kòm pi gwo patisipan nan pwojè Oganizasyon Nasyon Zini genyen (COVAX) pou l ede peyi pòv yo benfisye tou de disponiblite vaksen ki ka ede yo mete maladi kowonaviris la an sou kontwòl. Nan 2èm pati repòtaj la, n ap wè Jodi a asistans Administrasyon Biden nan ap pote bay peyi latino-ameriken yo, toujou nan kad echanj vaksen avèk rès mond a.
Alòske lontan yo te konsidere Lèzetazini kòm yon rezevwa vaksen li te itilize pou l garanti byennèt pwòp popilasyon pa l, jounen jodi a peyi a ap pataje doz vaksen kont KOVID-10 li gen lakay li ak rès mond la, dapè yon angajman administrasyon Biden-Harris la pran pou l fè livrezon yon demi milya doz nan plizyè peyi atravè lemond anvan fen ane 2021 an.
Nan kad angajman sa a, gouvènman ameriken an pa sispann ekspedye vaksen kont KOVID-19 la nan plizyè peyi, avèk yon pwogram kote l te kòmanse pa divè s nasyon sou kontinan afriken an, tankou Tannzanie avek Senegal. Apre livrezon sa yo fin fèt -oubyen menm pandan yo t ap fèt la- Washington te dirije aksyon li yo sou peyi latino-ameriken yo, tankou Ajantin kote 3 milyon 500mil dòz vaksen Moderna te rive nan jounen samdi 24 jiyè pase a. Nan okazyon an MaryKay Carlson, Chaje d Afè anbasad amerikèn nan nan Buenos Aires, te fè deklarasyon sa a:
“Pou nou, li esansyèl pou n chache gen garanti ke vwazen nou yo nan rejyon an gen kapasite pou yo mete KOVID-19 la sou kontwòl.”
Santiago Cafiero, chèf kabinè gouvènman ajanten an, fè konnen: “Pou nou, le fet ke nou resevwa don sa a, kado sa a, sa vle di nou pral atenn kantite 36 milyon 500 mil vaksen an.”
Jounen jodia, Ajantin deja vaksinen prèske mwatye popilasyon li a ki montre rive 45 milyon moun avèk yon doz, tandiske prèske 5,3% sitwayen peyi a deja resevwa 2 dòz. Dapre estatistik Depatman Sante Piblik ajanten an pibliye, yon afè de 105 mil moun deja peyi lavi yo anba maladi kowonaviris la.
Pandansetan nan Kolonbi -peyi nan rejyon Amerik Latin nan ki anrejistre pi gwo kantite ka enfeksyon KOVID-19 jiskaprezan, otorite lasante yo resevwa vaksen nan men Lèzetazini; e se prezidan de la repiblik la, Ivan Duque an pèsonn, ki te prezan nan ayewopò entènasyonal Bogota a pou di byenveni lè kagezon vaksenn an te debake.
“Jodi a, nou byen akeyi bèl jes, jès mayifik sa a. Epi, mesye Prezidan Joe Biden, mwen vle eksprime rekonesans nou anvè ou.”
Kote estatistik: Kolonbi, ki genyen 50 milyon moun kòm popilasyon, deja rapòte preske 120 mil mò anba kowonaviris.
Toujou nan kad pwogram Lèzetazini genyen pou l pataje vaksen li posede avèk rès mond la, pandan minis defans ameriken an, Lloyd Austin, te pran lapawòl semèn pase a nan peyi Sengapour, li deklare rejyon Endo-Pasifik la reprezante tou yon priyorite pou administrasyon Biden-Harris la.
“Pandemi an fè n sonje jiska ki degre pwofon mond nou an etwatman entè-konekte. Jodi a, si yon menas poze yon kote pou sante mondyal la, se yon menas ki poze pou sekirite tout moun tout kote nan lemond.
Pandan anpil obsèvatè ap fè konpliman pou desizyon Lèzetazini pran pou l pataje vaksen ki disponib lakay li ak rès mond la, anmenm tan tou yo arite atansyon sou le fèt ke, daprè yo, asistans gratis sa pa sifi, paske sa pa kapab renplase yon bon jan plan pou derasinen pandemi KOVID-19 la nètnèt nan lemond.