Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sante: Prezidan Biden Mande Kowoperasyon Repibliken yo nan Lit kont KOVID-19 la


Prezidan ameriken an, Joe Biden,, pandan li t ap prezante mesaj li sou KOVID-19 madi 3 out 2021 an.
Prezidan ameriken an, Joe Biden,, pandan li t ap prezante mesaj li sou KOVID-19 madi 3 out 2021 an.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, lanse yon apèl prese-prese bay lidè repibliken yo nan Kongrè a pou l mande yo degaje wout la, mete ko yo sou kote epi kite administrasyon l nan pataje vaksen kont KOVID-19 la avèk lòt peyi nan lemond yon fason pou kontwole yon varyan maladi a ki pi transmisib e pi danje pase sa otorite lasante yo te idantifye anvan yo –an palan de varyan Delta a. Pandan lidè ameriken an te pran lapawòl nan jounen madi 3 dawout la, li fè konpliman pou vil ak konpayi prive ki ran li obligatwa pou moun pran vaksen kòm kondisyon pou yo mennen aktivite kotidyen nòmal yo.

Vremanvre, nan okazyon yon mesaj Misye Biden prezante nan La Mezon Blanch, li kritike byen kritike gouvènè Eta Florid la, Ron DeSantis, gouvènè Tegzas la, Greg Abbott, ak kèk lòt otorite Eta ak lokal ki pran desizyon ki pa mande piblik la rekòmanse mete jès baryè yo -sitou pou yo mete mask nan figi yo- yon fason pou ralanti pwogrè viris ki bay varyan Delta a. Enfeksyon varyan sa a pwovoke ap ogmante seryesman nan 2 eta nou site yo ak lòt zòn nan peyi a kote nou jwenn yon gwo kantite moun ki poko vaksinen. Prezidan Biden di gouvènè sa yo:

Lèzetazini deja voye vaksen gratis nan plis pase 60 peyi nan lemond.
Lèzetazini deja voye vaksen gratis nan plis pase 60 peyi nan lemond.

“Si nou pa vle pote kole, omwens wete kò n sou wout la, libere pasaj la pou moun ki vle fè sa ki korèk la kapab fè travay yo.”

Prezidan Biden andose desizyon mèri vil New York la pran pou l fè tout moun ki vle manje anndan yon restoran oubyen al fè egziste nan yon djim, obligasyon pou yo mete mask nan figi yo, menm jan li fè konpliman pou konpayi prive ki fè menm egzijans la pou tout anplwaye ki t ap travay lakay yo retounen nan katye jeneral konpayi sa yo; epi prezidan an lanse apel bay plis mèri ak plis biznis atravè Lèzetazini pou yo suiv egzanp vil New York la. Sepandan, nan omwens 7 vil ki anba kontwòl Pati Repibliken an, otorite lokal yo mete yo ankwa devan yon repriz jès baryè yo.

Aprè administrasyon Biden-Harris la te pase plizyè mwa ap pratike sa kèk obsèvatè rele “yon politik kawòt” -kidonk, yon politik ankourajman pou fè Ameriken yo al pran vaksen (ankourajman tankou yon lotri popilè kote moun ka ranpòte yon gwo lo ki monte rive yon milyon dola, oubyen ankò posiblite pou yon moun ranpòte yon prim ki peye tout ane inivèsite pou li-menm oubyen pou yon pitit li), kounyela a gouvènman vire estrateji a bout pou l sèvi ak “politik baton an” ki ka fè l vin pi difisil pou yon ameriken, oubyen yon moun k ap viv Ozetazini, pa al pran vaksen an, paske otorite yo ka fè lavi yo vin trè mizerab.

Yon lòt kote, toujou nan mesaj madi 3 dawout la, Prezidan Biden anonse Lèzetazini ofri kòm kado –e li deja ekspedye- plis pase 110 milyon dòz vaken kont KOVID-19 nan plis pase 60 peyi, soti depi nan Afganistan pou rive nan Zanbi, soti depi Ayiti pou rive Kolonbi ak Ajantin. Lidè ameriken an deklare:

“Lè nou vaksinen moun ki Ozetazini epi nou ede moun lòt kote nan lemond pran vaksen an tou, se konsa nou va rive ranpòte laviktwa sou bagay sa a.”

La Mezon Blanch ensiste sou le fèt ke Lezetazini pa poze okenn kondisyon pou peyi sa yo jwenn vaksen li fè yo kado a, kontrèman ak apwòch 2 lòt gwo peyi, Larisi ak Lachin, ki, daprè administrasyon Biden nan, sèvi ak don vaksen pa yo a tankou yon zouti pou yo ranfòse pozisyon jewo-politik ak jewo-estratejik yo nan lemond.

XS
SM
MD
LG