Vaksen : presyon ap monte sou anplwaye Ameriken yo
Ozetazini, dè dizèn de milyon anplwaye pral oblije pran vaksen kont Covid-19 lan anvan 4 janvye, oubyen yo pral oblije al sibi tès regilye, sou demann administrasyon Prezidan Joe Biden lan.
Obligasyon an konsène selman konpayi ki gen plis pase 100 anplwaye, moun ki nan domèn medikal, ak anplwaye ajans federal yo.
OMS gen kè sote sou kontaminasyon Ewòp
Òganizasyon Mondyal Lasante te gen gwo kè sote Jedi poutèt pousantaj transmisyon yo ki mangonmen an Ewòp. Sa ka koze yon demi milyon lòt ka lanmò sou kontinan an.
Pou OMS ogmantasyon sila se akoz pa gen ase dòz vaksen epi mezi pwoteksyon anti-COVID yo pa respekte. Dapre done ki soti nan OMS pou peyi Ewòp yo, kantite malad ki entène lopital yo double nan yon semèn.
Plis pase senk milyon moun mouri
Omwen 5,020,845 moun atravè mond lan mouri depi lè pandemi an te kòmanse nan fen desanm 2019, dapre yon evalyasyon AFP etabli nan sous ofisyèl.
Lèzetazini se peyi ki gen plis moun ki mouri 750,431, apre Brezil (608.235), peyi End (459.652), Meksik (288.887) ak Risi (243.255).