Accessibility links

Breaking News

Netwayaj yon Bilding Apre yon Moun ki Gen KOVID-19 Te Vizite Li


Netwayaj yon bitiman pou pwoteje li kont kowonaviris.
Netwayaj yon bitiman pou pwoteje li kont kowonaviris.

Pandan konbyen tan yon biwo piblik, yon biznis, oubyen yon konpayi dwe fèmen pòt li pou l dezenfekte lokal la aprè yon moun ki gen kowonaviris te vizite biznis la, konpayi an oubyen biwo piblik la? Konbyen tan responsab yo dwe rete tann anvan pou yo kite moun retounen mennen aktivite nomalman nan batiman sa a?
Responsab yon antrepris kèlkonk -piblik ou prive- pa gen nesesite pou yo fèmen tout lokal la nèt apre yon moun ki gen kowonaviris (kit se yon ka konfime, kit se yon ka sispèk sèlman) te vizite batiman an. Tout pati nan lokal ke moun malad la te itilize oubyen vizite ta dwe rete fèmen pandan 24 trè… oubyen pandan plis tan si sa nesesè.

L ap enpòtan pou yo kite fenèt ak pòt ki bay sou deyò yo ouvè osi lontan ke posib, toutotan sa pa poze yon danje pou sekirite timoun piti, si genyen kap monte-desann nan lokal la; li ta bon tou pou responsab yo sèvi ak vantilatè pou fasilite sikilasyon lè a nan sal yo. Yon fwa yo va fin dezenfekete lokal la korèkteman e kòmsadwa, li pare pou yo relouvri li pou sèvis: Savledi li pare pou l resevwa anplwaye avèk kliyan nomalman.

XS
SM
MD
LG