Accessibility links

Breaking News

Koup Dò Konkakaf


Koup Dò Konkakaf
Koup Dò Konkakaf

Chanpyon an tit koup dimond la Espay toujou klase nimewo 1 nan klasman jeneral FIFA a pibliye. Answit nou jwen la Oland, Almay, Arjantin, Brezil. Kwasi pase devan Pòtigal pou l klase numewo 8 epi la Grès konplete lis 10 meyè seleksyon nasyonal sou planèt la.

Chanpyon Azyatik la Japon klase nimewo 15. Gana vini an tèt peyi Afriken yo pou okipe 16èm plas la. Nan KONKAKAF la Etazini pèdi yon plas pou l klase 19èm devan Meksik ki klase 27èm. Jamayik, ki sot ranpòte koup karayib la nan tèt peyi nan rejyon an an 48èm pozisyon. Ayiti klase 99èm dèyè Trinidad and Tobago ki klase 95èm dèyè La Grenad ke nou jwenn an 94èm pozisyon.

Federasyon foutbòl ameriken an ap jwe kèk match amikal avan li kòmanse kanpay koup dò KONKAKAF la. 26 Mas Etazini ap akeyi Arjantin nan East Ritherford nan New Jersey epi 29 March kont Paragwe nan Nashvil Tennessee.

Nan premye tou Koup Dò KONKAKAF la Etazini ap jwe kont Kanada 7 jwen nan gwoup C a nan Detroit epi Panama kont Gwadeloup nan menm vil la. kont Panama nan Tampa 11 Jwen. Gwadeloup kont Kanada

Etazini kont Gwadeloup 14 Jwen nan Kansas City kote Kanada ap rankontre Panama.

Nan gwoup A a nou jwen chanpyon sòtan an Meksik kap louvri konpetisyon an kont El Salvador 5 Jwen nan Dallas. Menm jounen an Kosta Rika ap rankontre Kiba. 9 Jwen nan Charlotte Karolin di Nò Kosta Rika kont El Salvador epi Kiba kont Meksiko.

12 Jwen El Salvador kont Kiba epi Meksik kont Kosta Rika nan Chikago.

Gwoup B a Jamayik kont Grenad le 6 Jwen epi Honduras kont Gwatemala. 10 Jwen Jamayik kont Gwatemala epi Grenad kont Honduras nan Miami. 13 Jwen Gwatemala kont Grenade pi Honduras kont Jamayik.

Kar de final la ap dewoule le 18 Jwen nan East Rutherford ant peyi ki klase 2 zièm nan group A kont 2 zièm group B a. Venkè gwoup A kont meyè 3èm gwoup B/C. 19 Jwen isit Washington venkè group B a kont 2 zièm group C a. Venkè gwoup C kont meyè 3èm gwoup A/B

Semi final la nan Houston Tekzas 22 Jwen epi final la le 25 Jwen nan Pasadena an Kalifòni.

Yon lòt kote Konfederasyon Foutbòl Afriken an deside Tripoli pa kapab akeyi match kalifikatif koup Dafrik 2012 la akoz kout za’m kap tire ant sipòtè gouvènman an ak rebèl yo. Rankont ki te dwe jwe ant Komore yo ak seleksyon Libyen an 25-27 Jwen nan Tripoli pral jwe sou yon teren neut.

Semen pase a Konfederasyon an te deklare Libi pat garanti sekirite pou l akeyi tounwa 8 nasyon U-20 an soti 18 Mas pou rive 1 Avril nan Tripoli ak Benghazi. Konfederasyon an ap chache yon lòt peyi pou akeyi konpetisyon an. Aljeri ak Afrik di Sid ofri pou akeyi konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG