Accessibility links

Breaking News

Koup Dimond Foutbòl la Demare Nan Afrik Di Sid


Sid-Afriken k'ap selebre jedi inogirasyon Koup Dimond Foutbòl la nan peyi yo, ki tanmen vandredi 11 jen 2010 la. Foto 10 jen 2010
Sid-Afriken k'ap selebre jedi inogirasyon Koup Dimond Foutbòl la nan peyi yo, ki tanmen vandredi 11 jen 2010 la. Foto 10 jen 2010

Fanatik foutbol nan vil Johannesbourg chofe kou dife, nan moman Afrik di Sid, ap pare pou yo tanmen koup dimond 2010 la. Plizyè santèn muzisyen, dansè pwofesyonèl, atis fè dènye repetisyon yo pou y'al patisipe nan seremoni inogirasyon mondyal la vandredi 11 jen an. Wi, dansè ak chantè sid-afriken, anpil ladan yo abiye akkostim tradisyonèl, pran lari kote y'ap mache dèyè yon fanfa pou ale nan stad foutbol Johannesbourg la, kote yo pral eseye abiman yo pral mete nan seremoni inogirasyon koup dimond a.

Chofè ki mete drapo sid-afriken a sou machinn yo ap klaksonnen nan tout lari pou apiye fanfa yo.



Nou ka santi’l, mondyal la rive nan peyi a. Mondyal la kreye gwo kè-kontan lakay mwen, yon mesye deklare. Oganizatè yo pwomèt pou mete sou pye yon kokenn espektak mizikal ak patisipasyon mil 500 moun, pami yo atis lokal sid-afriken yo apresye anpil ak atis ki gen renome entènasyonal.

Minis «art ak kilti nasyon Afrik Ostral la, Lulu Xingwana, te anonse pou jedi yon gwo konsè mizik ak vedèt afriken e ak vedèt entènasyonal avan gran evènman demen an. Xingwana kwè mondyal la se pral yon selebrasyon kilti ak eritaj afrike an. Nou pare pou fèt- a ki pral komanse ak yon konsè nan stad Orlando a, nan Soweto, e nou pare pou gwo fèt ki pral dewoule pandan seremoni inogirasyon an..

Mèkredi, katye finansye Johannesbourg la, an palan de Sandon, te pratikman paralize akòz yon kokenn parad pou apiye ekip foutbol Afrik di Sid la, ke Sid-afriken yo rele Bafana-Bafana. Jwè seleksyon nasyonal la, ke kèk diyitè local te akonpaye, te voye bo tribò-babju9 bay fanatik yo, pandan yo tap pase abò yon otobis 2 etaj pandan chofè otomobil sid-afriken tap klaksonnen pou ede foul la selebre.

Kèk gwoup prive ak gwoup omdafè organize pwòp fèt foutbol pa yo, e fanatik balonwon an, ki soti toupatou sou planèt la, pran lari nan Afrik du Sid...e moun pa bezwen linèt pou wè yo pa ka ret tann pou mondyal la komanse.


XS
SM
MD
LG