Accessibility links

Breaking News

Koup Dimond Afrik Di Sid: Premye Tou a Ap Kontinye


8 seleksyon foutbòl pral chache 4 tikè ki disponib pou 8èm de final koup dimond FIFA a kap dewoule an Afrik di Sid nan okazyon dènye rankont gwoup C a ak gwoup D a. Anje a gran anpil pou kèk ekip tankou Etazini nan gwoup C a ki poko fin dijere le fèt ke li te rate yon viktwa devan Sloveni apre abit Malyen Koman Coulibaly te refize yon gòl ameriken te fè nan fen rankont sa a.

Jodi mèkredi 23 jen an, nan gwoup C a Sloveni ap rankontre Angletè epi nan menm lè a Etazini pral tope kòn li ak Aljeri. Nan gwoup B a, Gana ap rankontre ak Almay tandis ke Ostrali pral jwe 3èm nan premye faz la avèk Sèbi.

Nan 8èm de final la kap kòmanse 27 jen an, Ajantin ap rankontre Meksik epi Irigwe pral woule balon fas a Kore di Sid. Demain jedi 24 jen an, Danmak pral monte teren an ak Japon—yon rankont ki enpòtan pou 2 seleksyon yo ki gen 3 pwen yo chak; epi nan gwoup E a, Kameroun, ki matematikman elimine ap rankontre lidè gwoup la, La Oland ki gen 6 pwen. Pita nan menm jounen demen an, Slovaki, ki gen 1 pwen pral rankontre ak Itali ki klase 2èm avèk 2 pwen; yon viktwa enpòtan pou tou lè 2 ekip yo. Anfen Paragwe, ki nan tèt gwoup F la ak 4 pwen, ap rankontre Nouvèl Zeland ki gen 2 pwen–

XS
SM
MD
LG