Accessibility links

Breaking News

Koup di Mond: Yon Kout je Sou Match K ap Jwe Dimanch 20 Jen an


Yon fanatik foutbòl nan Afrik di Sid
Yon fanatik foutbòl nan Afrik di Sid

Nan yon match ki te fèt nan Bloemfontein, Afrik di Sid, dimanch 20 jen an, Paragwe kale Sloveni 2-0. Sa vin mete Paragweyen yo nan tèt Gwoup F Koup di Mond la avèk 4 pwen.

Paragwe te vin domine match sa a lè Enrique Vera te pran yon pas nan men Lucas Barrios epi li te klase balon an nan kwen goch filè a, nan 27yèm minit jwèt la. Nan 86zyèm minit match la, Cristian Riveros te ajoute yon gòl asirans pou ekip Sid-ameriken an ak yon dezyèm gòl li te make ak pye goch li, sou yon distans 12 mèt.

Pita nan jounen an, Itali te toke kòn ni ak Nouvelle Zelande pou dezièm match gwoup F la, nan Nelspruit. Rankont la fini pat-pou-pat (1-1). Neyozelandè yo te bay premye gòl la anvan Italyen yo te rive egalize nan 29vyèm minit la, gras ak yon penalite.

Denye match pou jounen an se Brezil ak Kotdivwa, yon match ki valab pou Gwoup G a nan vil Johannesburg.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj sou Koup dimond la.

XS
SM
MD
LG