Accessibility links

Breaking News

Koup di Mond: Repòtaj


Nouvèl sou Koup Dimond la kap dewoule nan Afrik di Sid. Pou anpil fanatik e nou jwenn anpil nan fanatik sa yo nan peyi Dayiti- se jodi madi 15 jen an (kidonk 5 jou apre inogirasyon mondyal la vandredi 11 jen pase a) eben, pou anpil fanatik se jodiya Koup di Mond la ap kòmanse, paske se jodiya ekip yo renmen an -- an palan de seleksyon nasyonal Brezil la -- ap monte teren an pou la premyè fwa nan yon match ki pral mete li an fas 11 nasyonal Kore di Nò a. Menm jounen jodi a Kot Divwa pral woule balon devan Pòtigal, tandiske, nan lòt match ki sou pwogramnan, La Nouvèl Zeland deja rankontre avèk Repiblik Slovak. Rezilta final la se 1-1.

Pou nou swiv lòd kwonolojik rankont ki sou pwogram jodi a, an n di premye match la, se rankont Repiblik Slovak Nouvèl Zelanda la, 2 ekip ki nan gwoup F la, e ki monte teren an nan stad vil Rustenburg la. Chak nan 2 ekip yo tap chache wè si l ta ranpote yon viktwa pou li avanse nan mondyal la, paske 2 lòt seleksyon ki nan gwoup la -- chanpyon an tit la, Itali, ak Paragwe -- yo chak déjà genyen yon pwen aprè match nil (1-1) yo fè yè lendi a.Tankou nou di l deja, rankon Repiblik Slovak kont Nouvèl Zeland la fini sou menm skò a, 1-1.

Koup di Mond: Repòtaj
Koup di Mond: Repòtaj

Nan Gwoyup G a (gwoup espesyalis yo konsidere kòm sa you rele “gwoup lanmò a”), Kot Divwa ak Pòtigal fè premye rankont gwoup la nan vil Port Elizabeth. Rezilta rankont sa a pral enpòtan anpil anpil pou ekip kap sòti venkè a, paske sa kapab pèmèt li pase nan 2èm tou a bò kote ekip favori nan gwoup la, an palan de seleksyon nasyonal Brezil la. Pandan nap ekri atik sa a, premye mitan an fini 0-0.

An palan de Brezil, seleksyon nasyonal li a pral inogure patisipasyon n nan Mondyal ane sa a nan vil Johannesburg kote lap rankontre avèk 11 nasyonal Kore du Nò a kap patisipe nan 2èm koup di mond li. Nò-koreyen yo ale nan mondyal 2010 la avèk anpil konfyans nan tèt yo, paske sou 16 match yo te gen pou yo jwe pou yo jwenn kalifikasyon yo pou Afirk di Sid, se sèlman 7 gòl ekip la te ankese. Sepandan --tankou nou di l deja- jwè brezilyen yo –ke yo rele an anglè “The Samba boyŝ“ oubyen “Ti Mesye Samba yo”, se youn nan ekip ki, daprè konèsè foutbòl yo, byen plase pou l ranpòte tit champyon an an Afrik di Sid …. Nap swiv!!!!

XS
SM
MD
LG