Accessibility links

Breaking News

Kouman Fè Anpil Moun ki Vaksinen Trape Koronaviris?


Foto Achiv: Yon echantiyon piki Moderna kont COVID-19 la.
Foto Achiv: Yon echantiyon piki Moderna kont COVID-19 la.

Poukisa gen tout moun sa yo ki vaksinen e ki pran kowonaviris la sèjousi?

Gen plizyè faktè ki lakoz sa, tankou yon atik Associated Press eksplike nou, e nouvo varyan omicron ki parèt la e ki atrapan anpil ede nou konprann. Varyan omicron an ka enfekte moun pi fasil, menm si li pa fè yo malad, e li parèt pandan moun ap fè vwayaj vakans nan anpil peyi.

Kijan vaksen yo fonksyone

Moun ka panse, e se yon erè, ke vaksen kont COVID-19 yo bloke enfeksyon an nèt. Vaksen yo aji sitou pou anpeche moun malad grav, se pawòl Louis Mansky, yon chèchè ki travay sou viris nan inivèsite Minnesota.

E vaksen yo travay byen nan sans sa a, sitou pou moun ki pran dòz boustè a.

2 dòz vaksen Pfizer-BioNTech oubyen Moderna oubyen yon dòz vaksen Johnson & Johnson toujou ofri moun bon jan pwoteksyon ki anpeche yo malad grav akoz varyan omicron an. Si premye dòz yo pa reyisi bloke yon enfeksyon varyan omicron, boustè a - sitou boustè Pfizer ak Moderna - ogmante nivo anti-kò pou ede moun konbat enfeksyon an.

Varyan omicron an

Omicron sanble repwodui pi fasil pase varyan ki te vini anvan yo. E si moun ki pran enfeksyon an yo gen anpil chaj viris nan sistèm yo, li pi fasil pou yo transmèt li bay lòt mon, sitou sa yo ki pa vaksinen. Moun vaksinen ki trape viris la gen plis chans pou yo gen sentòm leje, oubyen yo pa gen sentòm ditou, paske vaksen yo deklannche divès defans nan sistèm pwoteksyon kò a, sa ki fè omicron pa fasil ditou pase sou kote tout defans sa yo.

Kijan pou anpeche enfekte

Konsiy sou jès baryè yo pa chanje. Doktè yo konseye moun mete mask andan kay, evite foul moun e pran vaksen, e si posib pran yon dòz boustè. Menm si vaksen yo pa toujou anpeche nou trape viris la, yo ap pèmèt ou rete vivan e ou p ap oblije al entène lopital.

XS
SM
MD
LG