Prezidan ameriken an, Barack Obama, akize lidè repibliken yo nan Sena a deske yap mete an danje entegrite Kou Suprèm nan lè yo refize kategorikman konsidere nominasyon yon pèsonalite li chwazi pou vin manm pi gwo tribinal peyi a.
Pandan Misye Obama tap pale, jedi 7 avril 2016 la, nan lekòl de dwa vil Chicago a --kote l te travay pandan yon tan kòm pwofesè-- li fè konnen, lè repibliken yo kite patizannri antre nan pwosesis la, sa kapab lakoz moun pèdi konfyans nan Kou Siprèm nan. Prezidan Obama deklare:
“Si ou kòmanse antre nan yon sitiyasyon kote pwosesis nominasyon jij yo vin kraze --li vin genyen tèlman patipri politik ladan n, ke menm yon jij ki kalifye depase limit pa menm kapab gen yon sesyon-depozisyon. Alòs, nou pral wè menm kalte divizyon ki karakterize sistèm elektoral nou an, epi tribinal nou yo pral tounen tou senpleman yon ekstansyon kò lejislatif la.”
Prezidan Obama te nonmen Jij Merrick Garland pou okipe yon plas nan Kou Suprèm nan apre lanmò sibit Jij Anthony Scalia, yon jij ki te pase 30 tan ap defann pozisyon konsèvatè nan Kou Siprèm nan. Sepandan lidè repibliken yo nan sena derefize òganize yon seyans-depozisyon sou nominasyon an, paske yo di se pwochen Prezidan Lèzetazini an ki pou nonmen pwochen manm Kou Siprèm nan.