Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Ameriken an Bloke Pwovizwaman posiblite pou Lèzetazini Resevwa Refijye


Lokal kou siprèm Lèzetazini an nan Washington, D.C.
Lokal kou siprèm Lèzetazini an nan Washington, D.C.

Ozetazini: Kou Suprèm nan bloke pwovizwaman posiblite pou refujye vin pran azil nan peyi a, jiskaske yon Kou Dapèl pran yon desizyon sou dosye sa a. Pi gwo tribinal ameriken an, ki vote sou kesyon an mèkredi 19 jiyè 2017 la, vin apiye yon demand gouvènman Prezidan Trump la te fè pou otorite lajistis yo anpeche refijye antre sou tèritwa ameriken an nan kad aplikasyon yon desizyon administrasyon an te pran pou limite kantite sitwayen 6 peyi --kote majorite sitwayen yo se mizilman-- antre Ozetazini. Sepandan viktwa gouvènman an ranpòte a se yon viktwa pasyèl, menm jan li tanporè tou.

9 manm kou siprèm Lèzetazini an
9 manm kou siprèm Lèzetazini an

Ak menm vòt la, gran jij yo kore desizyon yon tribinal pi ba te pran semèn pase a pou li elaji kad relasyon yon sitwayen ameriken oubyen yon rezidan legal dwe genyen ak yon moun kap viv a letranje pou l gen dwa fè moun sa a antre sou tèritwa ameriken an; kounyela a lis la gen sou li granpapa ak grann, antwòt.

Sitwayen peyi sa yo: Siri, Irak, Iran, Libi, Somali, Soudan, Siri ak Yemèn, kapab antre Ozetazini a kondisyon pou yo pwouve yo genyen bon jan relasyon avèk sitwayen ameriken, rezidan legal oubyen biznis kap opere sou tèritwa ameriken an.

An plis de sa, Jij Derrick Watson, ki baze nan Eta Awayi, nan Pasifik la, te pran yon desizyon pou l di refijye kapab antre Ozetazini si yo resevwa yon envitasyon garanti nan men yon ajans ki pwomèt pou ede yo enstale yo nan peyi a. Gran jij yo bloke aplikasyon desizyon sa a an atandan 9èm tribinal dapèl la, ki nan vil San Francisco, nan Eta Kalifòni, pase li an revi.

Anfen, anvan Kou Siprèm nan te anonse desizyon li pran mèkredi a, Depatman Deta a te bay ajans kap travay ak refijye yo otorizasyon pou yo rekòmanse fè aranjman pou refijye yo patwone antre Ozetazini, si ajans sa yo te fè demand la.

XS
SM
MD
LG