WASHINGTON, DC —
Nan Kosta Rika, Fabricio Alvarado, kandida a la prezidans pou Pati Restorasyon Nasyoal la (yon pati ekstrèm-dwat) ap mennen nan dekont vwa yo aprè eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 4 fevriye 2018 la, men avans li a pap sifi pou evite yon 2èm tou. Li se yon chantè kretyen, yon prezantatè nouvèl nan televizyon e li pa kache opozisyon li kont maryaj ant 2 moun menm sèks.
Nan moman responsab yo nan Tribinal Elektoral Siprèm nan fin konte 70% vòt yo, Fabricio Alvarado ranpòte 25% vwa yo, tandiske rival ki pi pre l la, Carlos Alvarado Quessada (kandida Pati Aksyon Sivik ki sou pouvwa a), ranpòte 21% vwa yo. Obsèvatè yo atann yo aske Tribinal Elektoral la pibliye rezilta yo pou premye tou an anvan fen jounen lendi 5 fevriye a.
Sondaj yo montre 2 tyè sitwayen kostariken yo pa dakò ak maryaj ant 2 moun menm sèks, menm si jan de maryaj sa yo legal nan peyi Ajantin, Brezil, Kolonbi, Irigwe avèk Meksik. Gen 3 milyon 300 mil kostariken ki elijib pou yo vote. Pi fò nan yo se manm relijyon katolik women e se moun yo ki trè konsèvatè