Plis pase 40 mil sòlda ameriken ak sòlda japonè ap pran pozisyon nan kad yon kokenn egzèsis militè ki pral dewoule tou pre kot Kore di Sid apati vandredi 3 desanm 2010 la.
Egzèsis militè sa a ke yo batize ak non Keen Sword se yon demach ki te pwograme depi plis pase yon lane.
Sepandan, nouvèl ki site kèk responsab japonè- fè konnen nasyon azyatik la byen akeyi kowoperasyon militè sa a nan kad gwo tansyon ki egziste nan rejyon an akoz atak ak zam lou Kore di Nò te lanse sou teritwa sid koreyen an semèn pase a.
Egzèsis militè sa a (ki pral dire yon semèn) se sa k pi resan nan yon seri aksyon militè e diplomatik puisans nan rejyon pasifik la ap pran pou reyaji kont atak Pyongyang nan , yon atak ki te touye 4 sidnkoreyen sou yon zile ki tou pre kot nò koreyen an.