Accessibility links

Breaking News

Restan-Kadav 55 Sòlda Ameriken ki te Mouri nan Lagè Kore a ap Retounen Ozetazini

Sòlda ameriken ap salye pandan yon seremoni yo òganize pou onore sòlda Lèzetazini ki te mouri nan Lagè Kore a. Seremoni sa a dewoule sou Baz Ayeryèn Osan nan vil Pyeongtaek, nan Kore di Sid, mèkredi premye out 2018 la. (Foto: Jung Yeon-je/Pool Photo via AP).

Yon gwoup 55 bwat ki gen landan yo restan-ladav solda ameriken ki te mouri nan Lagè Kore a, e ke otorite yo nan Pyongyang te remet Lèzetazini semènn pase a, ebyen! yo transfere bwat sa yo nan yon avyon transpo ameriken jodi mèkredi a nan yon seremoni ki dewoule nan Kore di Sud, anvan avyon yo transpòte restan-kadav yo nan Eta ameriken Hawayi.

Vis prezidan ameriken an, Mike Pence -ki se pitit yon veteran Lagè Kore a-- ap prezan nan seremomni gouvenman Trump la pral oganize lè avyon an va fin ateri sou baz Hickam nan, nan Pearl Harbor, sou il Hawayi.

Jeneral Vincent Brooks te pran lapawòl anvan yo te transfere bwat ki gen restan-kadav yo. Yon avyon pral transpòte yo nan Eta Awayi.
Jeneral Vincent Brooks te pran lapawòl anvan yo te transfere bwat ki gen restan-kadav yo. Yon avyon pral transpòte yo nan Eta Awayi.

Jeneral Vincent K. Brooks, kòmandan baz Ayeryen Lèzetazini genyen nan Kore di Sid e kote avyon yo resevwa bwat yo, deklare: "Nou genyen yon devwa solanèl pou n mennen lakay tout sòlda nou ki te mouri nan lagè, e tout konbatan nou yo te fè prizonye nan lagè."

XS
SM
MD
LG