Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon aprè Prezidan Trump Fin Anile Somè Amerikano-Nò-Koreyen an

Nan pwogram 25 me 2018 la, yon televizyon nan Sewoul, Kore di Sid, montre foto Prezidan Donald Trump (aoch) ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un. Nouvèl yo fè konnen Kore di Nò anonse li toujou dispoze pou l patisipe nan rankont la

Ajans Nouvèl Kore di Nò a, KCNA, pibliye deklarasyon Vis Minis Afè Etranjè peyi a, Kim Kye Gwan, fè pou l di peyi l la dispoze travay nenpòt ki lè sou pwoblèm li genyen ak Lèzetazini, malgre Prezidan Donald Trump anile yon somè ki te dwe dewoule ant li-menm ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un nan dat 12 jen 2018 la nan Sengapour. Deklarasyon Vis minis Afè etranjè Kore di Nò a, rakontre san chòk yon pozisyon prezidan Donald Trump te pran lè l te di Lidè nò koreyen an kapab swa telefone li, swa ekri li, si l deside angaje l nan yon dyalòg konstriktif. An fèt men mesaj lidè ameriken an:

"Si Kim Jong Un deside angaje l nan yon dyalòg konstriktif, si l vle pase alaksyon (e lè li va fè sa), m ap pare pou sa. Ann atandan nou pral kontinye avèk sanksyon pwa lou nou yo, ki se sanksyn pi sevè nou janm pran jiskisi, e nap kontinye tou avèk kanpay presyon maksimòm nou an. De tout faason, kèlkeswa sa k rive a, kèlkeswa sa nou deside fè, nou pap janm (o gran jamè janm) negosye byennèt ak sekirite Lèzetazini d Amerik. "

REYAKSYON APRE ANILASYON SOME A (OZETAZINI)

Nan Sewoul, Kore di Sid, yon manifestan ak yon mask ki reprezante Preszidan Donald Trump (nan mitan) ki tap bay yon show nan lari ak foto lidè Kore di Nò a Kim Jong Un (agoch) ak Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in (adwat), pandan yon pwotestasyon kont politik Lèzetazini kont Kore di Nò.

Obsèvatè k ap analize sitiyasyon an Ozetazini rekonèt Washington ak Pyongyang gen pwendvi diferan sou youn nan pwen cho ki ta gen yon plas byen wo sou yon posib kalandriye diskisyon, an palan de dosye denikleyarizasyon an. Dapre analis ameriken sa yo, nenpòt rankont ki ta fèt sou kesyon an nan lavni, se yon rankont 2 pati yo ta dwe byen planifye.

Senatè Demokrat Bob Menendez, yon Demokrat Eta New Jersey e youn nan manm cocus latino a nan Kongrè a di: "Anpil pami nou te gen gwo kè-sote akoz mank preparasyon ki ta nesesè avan yon somè konsa dewoule; e yo menm te deklare li pat dwe dewoule nan kondisyon sa a."

Senatè Repibliken Cory Gardner, li-menm, di: << Lidè nò koreyen an rate yon bèl okazyon, yon opòtinite istorik pou l tabli lapè; e se li menm -e non Prezidan Trump- ki dwe pran responsabilite a si somè a pa fèt. >>

PLIS REYAKSYON ( ALETRANJE)

Yon pannkat ki apiye somè amerikano-nò-koreyen an, montre Prezidan Trump (USA - adwat), Prezidan Moon Jae-in (Kore di Sid, nan mitan) ak lidè Kore di Nò a (Kim Jong Un, a goch). (Sewoul, Kore di Sid, 27 avril 2018).

Nan Tokyo, otorite yo ki eksprime apui yo pou desizyon Prezidan Trump la, di Japon, Kore di Sid, Lèzetazini dwe kontinye aplike presyon yo ansanm ak nasyonzini plis peyi tankou Lachin ak Larisi, pou yo ranfòse sanksyon ki genyen sou 90 pou 100 komès yap fè avèk Kore di Nò. Jounal pati kominis chinwa a, China Daly, pibliye yon editoryal kote li mande Washington ak Pyongyang ak kenbe angajman yo te pran pou yo fè dyalòg la, kontinye travay pou mete fen nan mezantant ki egziste antre yo san bliye nesesite pou yo kontinye efo kap fèt pou jwenn denikleyarizasyon Preskil Kore a. Prezidan Ris la, Vladimir Putin, li-menm, di li regrèt desizyon prezidan ameriken an pran an, paske, dapre Moskou, lidè nò-koreyen an, Kim Jng UN, te kenbe tout pwomès li te fè davans yo e li menm pran desizyon pou l detwi tinèl ak materyèl Kore di Nò te konn itilize pou l fè tès nikleyè l yo.

XS
SM
MD
LG