Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Anvizaje Kèk Nouvo Sanksyon pou Dekouraje Kore di Nò Kontinye ak Pwogram Nikleyè li a


 Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Alye Etazini yo nan Lès Azi byen akeyi jedi premye desanm 2016 la sanksyon pi di kap vini moso pa moso ke Konsèy Sekirite Nasyon Zini mete sou Kore di Nò, men pa gen anpil peyi nan rejyon an ki atann ke nouvo mezi sa yo pwal dekouraje gouvènman Kim Jong Un nan.

Premye minis japonè, Shinzo Abe, pibliye yon deklarasyon sipò pou nouvo rezolisyon konsèy la kot eli di," Rezolisyon an reflete entansyon kominote entènasyonal la pou l pran mezi pi sevè ki diferan nèt ak sa yo ki te deja anvigè.”

Gouvènman Kore di Sid la ekzòte Kore di Nò pou l koute avètisman kominote entènasyonal la e sispann pwogram nikleyè li a si l pa vle fè fas ak konsekans yo.

XS
SM
MD
LG