Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Rejte yon Lòt òf Kore di Nò


Kore di Sid Rejte yon Lòt òf Kore di Nò
Kore di Sid Rejte yon Lòt òf Kore di Nò

Kore di Sid rejte yon nouvo òf ki sòti nan Kore di Nò ki mande pou 2 peyi yo ta fè negosyasyon san kondisyon.

Daprè gouvènman sid koreyan an, yon òf konsa pa serye ditou e li repete egzijans li fè pou gouvènman nò koreyen an sispann pale met la, men pou li kore pawòl li ak bon jan aksyon.

Sepandan, efò k ap fèt pou rezoud kriz ki egziste ant 2 peyi yo ap kontinye jedi 6 janvye 2010 la nan vil Peken, kapital Lachin, kote diplomat ameriken Stephen Bosworth rankontre avèk vis-minis afè etranjè Zhang Zhijun e avèk Wu Dawei, anvwaye Lachin nan negosyasyon k ap fèt ant 6 peyi sou pwogram nikleyè nò koreyen an.

Aprè visit-li nan Peken, mesye Bosworth gen pou l ale nan peyi Japon kote l pral fè plis rankont sou tansyon ki egziste ant 2 Kore yo, ak pwogram nikleyè nò koreyen an .

XS
SM
MD
LG