Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid: Prezidan Lee Nonmen Yon Nouvo Minis Defans


Prezidan Kore di Sid la, Lee Myung-bak, nonmen vandredi 26 novanm nan yon ansyen kòmandan wo-eta-majò lame peyi a, jeneral Kim Kwan-jin, kòm nouvo minis defans.

Daprè otorite yo, jeneral retrete a ranplase Kim Tae-young ki te bay demisyon n jedi aprè li te resevwa gwo kritik pou jan li jere dosye atak ak gwo rafal zam lou Kore di Nò te lanse sou yon zile sid-koreyen –-atak ki te touye 4 moun: 2 sòlda ak 2 sivil.

Menm vandredi a, jeneral ameriken Walter L. Sharp, k ap kòmande Fòs Nasyon Zini yo nan Kore di Sid, vizite zile a ki rele Yeonpyong pou l te pale ak kòmandan ki sou plas yo epi konstate dega atak Kore di Nò a koze.

Li lanse apèl gouvènman nò-koreyen an pou l mande l mete dlo nan diven n, pa lanse lòt atak e voye reprezantan militè li rankontre ak manm kòmandman l’ONU an pou yo fè chita-tande sou ensidan an.

XS
SM
MD
LG