Kore di Sid tanmen yon nouvo seri egzèsis militè, e konsa li ranfòse dispozisyon li pran pou l rete sou le kiviv e pare pou l reponn tout agresyon Kore di Nò.
Bato ki fè pati fòs naval Kore di Sud kò̈manse mèkredi 22 desanm 2010 la, yon seri de egzèsis k ap dire 3 jou tou pre kòt ès peyi a ; youn nan objektif mouvman sa a se detekte tout tantiv enfiltrasyon sou maren nò-koreyen yo.
A pati de jedi 23 desanm 2010 la, avyasyon militè ak lame de tè Kore di Sid pral lanse pi gwo egzèsis y ap fè ansanm nan peryòd sa a nan ane a (an palan de sezon Iveè a), e egzèsis sa yo pral dewoule sou yon distans 20 kilomèt sèlman nan sid fwontyè 2 Kore yo kote tou lè 2 peyi yo genyen yon gwo konsantrasyon fòs militè.