Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Anonse pou Kore di Nò Sanksyon ki Pi Sèvi Lèzetazini Janm Pran Kont Yon Peyi

Trump ki tap pale de plan li genyen pou l fè fas ak menas Korea fi Nò a.
Trump ki tap pale de plan li genyen pou l fè fas ak menas Korea fi Nò a.
Prezidan Trump anonse yon seri de sanksyon kont Kore di Nò nan yon diskou li fè vandredi 23 fevriye a, nan kad dènye presyon l ap fè sou gouvènman Pyongyang nan pou l kite tonbe pwogram nikleyè ak devlopman misil long pòte li a. Prezidan Trump anonse administrasyon li a pran kont Kore di Nò sanksyon ki pi sevè Lèzetazini janm pran kont yon peyi.
Lidè ameriken an pale konsa pandan li te pran lapawòl nan konferans anyèl "Aksyon Politik Konsèvatè a" ki dewoule nan National Harbor, Eta Maryland, tou prè Washington, DC., an prezans plizyè milye politisyen, estratèj ak militan konsèvatè. Nan diskou sa a Prezidan Trump deklare:
Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan konferans anyèl "Aksyon Politik Konsèvatè a" nan National Harbor (Eta Maryland, tou prè Washington), kote li anonse kèk sanksyon sevètou nèf kont Kore di Nò.

"Jodi a m ap anonse yon nouvo seri sanksyon ki pi gwo e pi sevè kont rejim Kore di Nò a. Sanksyon sa yo pral koupe sou resous Kore di Nò itilize pou l soutni fòs zame li a; konsa, sanksyon yo pral vize 56 bato, konpayi transpò ak biznis komèsyal ki ede Kore di Nò evite konsekans sanksyon yo."
Anvan lontan Depatman Trezò Lèzetazini a pral pran aksyon tou nèf pou koupe plis toujou sous revni ak gaz rejim nò-koreyen an itilize pou l finanse pwogram nikleyè li a.
XS
SM
MD
LG