Kore du No fè yon lot tès misil balistik a kou pòte byen bonè lendi 29 me 2017 la, kèk jou selman apre G-7 la te mande pou Pyongyang abandone anbisyon nikleye li yo.
Komandman pasifik Etazini an di lansman sa a fèt tou prè vil Wonsan sou kòt Ès Kore du Nò. Komandman an te suiv misil la pandan 6 minit anvan li tonbe nan lanmè Japon an, nan sa yo konsidere kom zòn ekonomik esklizif japonè a.
Responsab kòmandman pasifik ameriken an presize tès misil balistik sa a pa poze okenn menas pou Lèzetazini. Sepandanm, premye minis japonè a, Shinzo Abe, fache pou l mouri e li sèmante pou l reponn kif-kif. Mesye Abe di yon chèn televizyon japonèz:
"Nou pral travay ak Lèzetazini pou pase alaksyon komsadwa, yon fason pou fè Kore di Nò mete dlo nan diven li."