Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo Anonse yon Rankont Istorik ant 2 Lidè yo Vandredi 27 Mas 2018 la


Solda Kore di Nò (bilding ki dèyè a) avèk sòlda Kore di Sid (devan) kap asire sekirite nan zòn demobilize a.
Solda Kore di Nò (bilding ki dèyè a) avèk sòlda Kore di Sid (devan) kap asire sekirite nan zòn demobilize a.

Preparatif final yo ap kontinye pou yon rankont istorik fèt ant lidè 2 Kore yo vandredi 27 avril 2018 la. Nan maten lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pral travèse fwontyè a pou l ale nan vilaj Panmunjom, sit istorik kote yo te siyen amistis ki te mete fen nan Lagè Kore a an 1953.

M. Kim pral rankontre ak lidè sid-koreyen an Moon Jae-in sou pati sid fwontyè a nan yon zòn demilitarize ki gen gwo sivesyans militè. Se 3èm somè entè-koreyen; men se 1e fwa lidè Kore di Nò kominis la ap antre nan Kore demokratik la. Somè 2000 la ak 2007 la te fèt nan Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG