Accessibility links

Breaking News

Kore Di Nò Remèt Lèzetazini Restan-Kadav 55 Sòlda Ameriken ki Te Mouri nan Lagè Kore a


Sòlda ameriken ki t ap resevwa bwat ki gen ladan restan-kadav militè ameriken ki te mouri nan Kore di Nò, aprè yo te rive nan Kore di Sid vnaded 27 jiyè 2018 la (Foto: Kim Hong-Ji/Pool Photo via AP).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki t ap pale vandred 27 jiyè 2018 la, fè konnen li gen rekonesans pou lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, poutèt li remèt otorite Lèzetazini yo sa obsèvatè yo konsidere kòm rès-kadav anviwon 55 sòlda ameriken ki te pèdi lavi yo nan Lagè Kore a sa gen plis pase 60 tan. Pandan prezidan Trump t ap pale ak laprès tou prè La Mezon Blanch, li deklare:

"Mwen vle remèsye lidè Kim Jong Un poutèt li kenbe pawòl li; anpil lòt restan-kadav gen pou vini. Sepandan mwen ta renmen rete devan laprès la a pou m di Prezidan Kim mèsi poutèt li reyalize pwomès li te fè m nan; e mwen si e sèten li pral kontinye reyalize pwomès sa a amezi ke rechèch yo ap kontinye."

Vrèmanvre, transfè res-kadav sa yo Ozetazini reprezante kòmansman reyalizasyon yon antant Prezidan Trump ak Misye Kim te jwenn padan somè istorik yo te fè nan mwa jen pase a nan peyi Sengapou.

Yon sòlda ki te gen sou bra li yon ti sèkèy avèk restan-kadav yon militè ameriken ki te mouri nan Lagè Kore a (1950-1953). Seremoni sa a te dewoule sou Baz Naval Osan nan vil Pyeongtaek, nan Kore di Sid, vandredi 27 jiyè 2018 la.
Yon sòlda ki te gen sou bra li yon ti sèkèy avèk restan-kadav yon militè ameriken ki te mouri nan Lagè Kore a (1950-1953). Seremoni sa a te dewoule sou Baz Naval Osan nan vil Pyeongtaek, nan Kore di Sid, vandredi 27 jiyè 2018 la.

Idantite anviwon 7 mil 700 sòlda ameriken sou yon lis kote otorite militè Lèzetazini yo mete non manm lame peyi a ki te disparèt pandan lagè a; e Pentagòn nan panse mil 500 nan kantite sa a te tonbe sou channbatay nan Kore di Nò. Se konsa Minis Defans la, Jim Mattis -ki t ap pale nan Pentagòn nan vandred 27 jiyè a- deklare retou res-kadav sòlda yo kapab ede otorite yo elimine nyaj somb ensètitid ki t ap plane sou pati sa a nan istwa patisipasyon Lèzetazini nan lagè a e ki lage nan kè manm anpil fanmi amerikèn yon gwo doulè lapèn, yon doulè yo te aksepte sibi pandan plizyè dizèn dane. Misye Mattis ajoute:

"Nou genyen fanmi ki pa janm rive mete yon pwen final nan chapit plen doulè sa a. Yo pa janm ale okenn kote pou yo jwenn restan-kadav sòlda ki te chè pou yo e ki ta retounen vin jwenn yo. Kikonk, sa n ap konstate la a se yon okazyon pou nou pèmèt fanmi sa yo fèmen chapit la, pèmèt yo gen garanti nou pral kontinye chache rèstan-kadav lòt sòlda ki dèyè toujou yo."

Otorite La Mezon Blanch ki t ap abòde dosye a nan jounen jedi 26 jiyè a, fè konnen yon avyon militè ameriken ki te genyen restan-kadav yo abò li, te kite vil Wonsan, nan Kore di Nò; epi li te ateri vandredi maten nan Baz Ayeryèn Osan nan, tou pre kapital Kore di Sid la, Sewoul kote, dapre La Mezon Blanch toujou, yon seremoni rapatriman ofisyèl pral dewoule nan dat premye out 2018 la. Apre seremoni sa a otorite yo anonse yo pral wete restan-kadav yo sa baz la pou fè transfere yo nan yon enstalasyon Depatman Defans la genyen nan nan Hawayi –pi presizeman nan lokal Ajans Pentagòn nan ki regle Zafè Solda ki disparèt yo ou sa lennmi fè prizonye; se la medsen lajis va travay pou idantifye defen sòlda yo.

Yon gad donè ki t ap transpòte yon bwat ki te gen ladan n restan-kadav manm lame amerikèn nan ki te tonbe nan Lagè Kore a (1950-1953). Bwat la te fèk rive nan Baz Ayeryèn Osan nan, nan Kore di Sid, vandredi 27 jiyè 2018 la.
Yon gad donè ki t ap transpòte yon bwat ki te gen ladan n restan-kadav manm lame amerikèn nan ki te tonbe nan Lagè Kore a (1950-1953). Bwat la te fèk rive nan Baz Ayeryèn Osan nan, nan Kore di Sid, vandredi 27 jiyè 2018 la.

Vandredi 27 jiyè 2018 la make 65èm anivèsè siyati Amistis ki te mete fen nan Lagè Koe a (1950-1953) ki ta pral divize Preskil Kore an ant 2 peyi ak sistèm politik diferan: yon Kore di Nò kominis ak yon Kore di Sid demokratik.

Restan-kadav ki rive vandredi nan Kore di Sud yo se premye ki pral retounen Ozetazini depi efò gouvènman ameriken an ak rejim nò-koreyen an te fè ansanm, ant 1996 e 2005, pou pèmèt Lèzetazini jwenn sa otorite yo nan Pentagòn nan konsidere kòm restan-ladav 220 sòlda ameriken

XS
SM
MD
LG