Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Kore di Nò Kontinye Kouri Ale nan Kore di Sid


Solda nò-koreyen kap fè pòs nan zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo.
Solda nò-koreyen kap fè pòs nan zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo.

Yon lòt sòlda ak 2 pechè peyi Kore di Nò kouri lage kò yo nan Kore di Sid jedi 21 desanm 2017 la. Se yon siyn ki kapab montre sanksyon kominote entènasyonal la pran pou l pini lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, kòmanse genyen move konsekans ekonomik sou sitwayen òdinè yo.

Jandam Kore di Sid te tire jiska 20 kout-zam avètisman sou militè Kore di Nò ki tap kouri dèyè sovadò yo ki travèse fwontyè 2 peyi yo nan Zòn Demilitarize a.

XS
SM
MD
LG