Accessibility links

Breaking News

Koutje sou Pwrosesis Elektoral la Ozetazini


Prensip sistèm demokratik ameriken an: "Yon moun, yon Vòt"
Prensip sistèm demokratik ameriken an: "Yon moun, yon Vòt"

Depi ane 1852 chak prezidan ameriken se toujou yon manm youn nan 2 prensipal pati politik ki egziste Ozetazini yo: Pati Repibliken an ak Pati Demokrat la.

An jeneral demokrat yo apiye lide pou gouvènman an enpoze plis taks yon fason pou l kapab finanse plis pwogram pou popilasyon an. Repibliken yo, bò kote pa yo, prefere politik ki bese taks yo ak gouvènman ki gen mwens moun ladan n, oubyen ki pap dikte sitwayen yo kijan pou yo mennen vi prive yo.

2 pati yo gen tandans reflete opinyon politik ki relativman modere. Sepandan genyen anpil lòt ti pati sou echikye a -pami yo genyen Pati Libète Piblik yo, Pati Konstitisyon an, Pati Sosyalis la ak divès ti pati ekolojis (ke yo rele “Pati Ble”). Epitou yon kandida ka deside antre nan kous la san li pa sèvi ak banyè okenn pati; lè sa a li se “yon endepandan”…

Pati yo konsidere kòm “3èm pati” yo, se pati ki pa genyen twòp pwa popilè an jeneral. Sepandan, yo kapab genyen yon gwo kokenn enfliyans sou eleksyon prezidansyèl yo, paske yo kapab rache vòt nan men kandida 2 gwo pati politik yo. Daprè sa espesyalis yo prevwa, nan kèk ane ankò, 3èm pati yo pral reprezante yon faktè desizif nan kous prezidansyèl la Ozetazini

=========================================

Konvansyon politik Ozetazini.
Konvansyon politik Ozetazini.

KIJAN AMERIKEN YO VOTE? – WOL KONVANSYON YO

Objektif konvansyon politik yo se pèmèt chaken nan 2 gwo pati polik yo (Pati Demokrat la ak Pati Repibliken an) deklare ofisyèlman e piblikman kilès ki kandida a la prezidans li.

Men, kijan pati yo detèmine kandida prezidansyèl yo? Se yon pwosesis kote chak eta òganize separeman eleksyon primè pou yo chwazi delege kap reprezante chak pati nan konvansyon yo kote se yon majorite delege senp ki pèmèt yon kandida ranpòte nominasyon an.

Ki moun delege yo ye? Gen ladan yo se otorite lokal ki reprezante eta yo nan konvansyon nasyonal chak pati mete sou pye pou li nonmen ofisyèlman kandida a la prezidans li. Nan pi fò eleksyon primè yo (ki rele “caucus” nan kèk eta), pafwa li parèt klè nan je patizan yo ki kandida kap jwenn nominasyon an menm anvan konvansyon an dewoule. Nan ka sa a (nan ka kote yon kandida deja ranpòte nominasyon an anvan dat konvansyon an), ebyen, konvansyon an tounen yon senp fòmalite. Objektif li, lè sa a, se ranfòse fidelite patizan yo, epi ofisyalize chwa yo pou kandida ki ranpòte nominasyon an.

Kesyon yon moun ka poze, se: Kisa k ka rive si okenn kandida pa rive jwenn yon majorite delege anvan konvansyon an? Se yon bagay ki rive trè raman; men lè sa rive, li bay sa yo rele “yon konvan-syon konteste.” Nan yon konvansyon konteste, delege yo òganize kantite eleksyon ki nesesè jiskaske finalman yon kandida rive jwenn yon majorite delege.

Se lè sa a kandida a tounen tout bon vre chwa pati a kòm kandida ala prezidans; donk, se lè sa a li jwenn nominasyon oubyen manda ofisyèlman pou l al tope kòn li ak kandida pati advès la nan eleksyon jeneral yo ki toujou dewoule nan jounen premye madi apre premye lendi mwa novanm ane elektoral la.

XS
SM
MD
LG