Accessibility links

Breaking News

2 Jou Manfestasyon pou Make 34èm Anivèsè Kontitisyon 1987 la


Yon manifestan ki bradi drapo ayisyen an nan yon manifestasyon kont gouvènman Prezidan Jovenel Moise la. (7 fevriye 2021 - Foto Achiv).
Yon manifestan ki bradi drapo ayisyen an nan yon manifestasyon kont gouvènman Prezidan Jovenel Moise la. (7 fevriye 2021 - Foto Achiv).

Lidè divès sektè nan opozisyon ki an fas rejim Prezidan Jovenel Moise la bay yon konferans pou laprès, madi 16 mas 2021 an, kote yo anonse 2 jou manifestasyon, dimanch 28 ak lendi 29 mas pwochen, pou make 34èm anivèsè referandum kote pèp ayisyen an te apwouve konstitisyon 1987 la.

Korespondan nou Renan Toussaint fè konnen konferansye yo -pami yo te genyen militan Wilber Franck Georges, Mèt Gédéon Jean, sendikalis Bénissoit Duclos avèk kowòdonatris Antoinette Duclair), pale pou yo atire atansyon sou le fèt ke, daprè Misye Georges, divès gouvènman ki pase sou pouvwa a pa t respekte konstitisyon an. Mét Jean, li menm, denonse sa li konsidere kòm apui kominote entènasyonal la pa sispann bay gouvènman Moise-Jouthe la; sendikalis Duclos, bò kote pa l, lanse apèl pou l mande tout kouch nasyon an patisipe nan 2 jou manif yo, tandiske Madam Duclair presize pakou manifestan yo va genyen pou yo suiv.

XS
SM
MD
LG