Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Mande Kore di Nò pou l Elimine Tout Zam Nikleyè Lakay li


Yon nonm kap gade yon pwogram televizyon kap montre tès nikleyè Kore di Nò a pandan li kanpe nan yon stasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid. 13 fevriye 2017. (Foto: AP/Ahn Young-joon)
Yon nonm kap gade yon pwogram televizyon kap montre tès nikleyè Kore di Nò a pandan li kanpe nan yon stasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid. 13 fevriye 2017. (Foto: AP/Ahn Young-joon)

Konsèy Sekirite l ONU ap pare pou l yon fè yon rankont sou aksyon Kore di Nò ki sot lanse yon misil balistik ki ateri nan lanmè peyi Japon.

Sekretè Jeneral l ONU an, Antonio Guterres, kalifye tès misil la kòm yon lòt “vyolasyon ki simen plis latwoublay " kont rezolisyon òganizasyon mondyal la.

Nan yon deklarasyon, Mesye Guterres fè, li mande otorite Pyongyang yo pou l rekòmanse konfòme l ak tout obligasyon entènasyonal li e retounen sou chemen pou l elimine tout zam nikleyè lakay li.

Se Etazini, Japon ak Kore di Sid ki mande sesyon ann ijans la ki fikse pou dewoule apre midi a.

Kore di Nò te lanse mizisil la yè dimanch 12 frvriye 2017 la, e dirijan nan Kore di Sid yo fè konnen li te pakouri 500 kilomèt anvan li te tonbe nan lanmè Japon an.

XS
SM
MD
LG