Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayiti a (K.E.P) Pa Aksepte Kandidati Mizisyen Rap Wyclef Jean


Wyclef Jean k ap pale ak yon foul moun nan kad kanpay li t ap mennen pou pòs prezidan an anvan KEP a te refize kandidati li
Wyclef Jean k ap pale ak yon foul moun nan kad kanpay li t ap mennen pou pòs prezidan an anvan KEP a te refize kandidati li

Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an deside vandredi swa 20 out 2010 la atis hip-hop Wyclef Jean pa reponn egzijans lwa elektoral ak konstitisyon an ki mande pou yon sitwayen poze kandidati li pou pòs prezidan an li dwe te abite pandan 5 ane youn apre lòt nan peyi li.

Jean, k ap viv Ozetazini, aksepte desizyon Konsèy la e li egzòte patizan li yo pou yo fè menmman. Nan yon kominike mizisyen an pibliye li di " Nou dwe respekte rejim la lwa pou Ayiti vinn yon gran nasyon".

KEP a rejte kandidati misye Jean paske li pa tap viv yon fason pèmanan ann Ayiti pandan 5 dènye ane anvan eleksyon ki fikse pou 28 novanm nan; men atis la di, n ap site: "kay ou, se kote kè ou chita... e kè m ann Ayiti e l ap toujou ann Ayiti".

Vedèt hip-hop/rap/ la, ki genyen 40 an, fè pati 34 sitwayen-kandida Konsèy Elektoral Pwovizwa a te genyen pou l egzaminen dosye pou wè si yo reponn egzijans konstitisyon ak lwa elektoral ayisyen an. KEP a apwouve 19 kandidati e li voye jete 15.

Pami sila li apwouve pou patisipe nan eleksyon 28 novanm 2010 la genyen 2 ansyen premye minis: Jacques Edouard Alexis ak Yvon Neptune.

Vandredi swa, polis Nasyonal la ak twoup Nasyonzini (Minustah) te pran pozisyon devan lokal Konsèy Elektoral Pwovizwa a, men sitiasyon an kalm nan kapital la, Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG