Ozetazini, 4 manm repibliken nan Chanm Depite a mete ansanm avèk tout depite demokrat yo pou yo apwouve, nan fen jounen madi 16 jiyè a, yon rezolisyon ki kondane sa dokiman an rele "deklarasyon rasis" prezidan Donald Trump te fè sou kèk depite-fanm ki reprezante minorite yo nan Kongrè ameriken an. Rezolisyon sa a (ki pase avèk 240 vwa pou epi 187 kont) kondane ak tout fòs « kòmantè rasis Trump yo" ki vin lejitime epi ogmante lapèrèz ak rayisab kont etranje ki fèk pran nasyonalite amerikèn avèk moun ki pa blan yo.
Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelocy, te lanse apèl bay manm Lachanm nan pou l mande yo ini yo pou yo tout ansanm apiye "kondansayon tweet rasis Prezidan an. » Deklarasyon Madam Pelocy a te pwovoke objeksyon Depite Doug Collins, ki reponn pou l di "mo Prezidan Lachanm nan anplwaye yo, se mo ki vyole dekowòm ki dwe egziste nan Chanm Bas la." Sepandan, lè tout chanm nan te gen pou vote sou mosyon an, majorite palmantè yo rejte opinyon repibliken yo sou pozisyon Madam Pelocy a e vot la mande pou yo wete opinyon sa a sou dosye sessyon madi a. Majorite Repibliken yo rejte rezolisyon an ki kondane Prezidan Trump, ki se lidè pati yo a.
Prezidan Trump --ki pa sispann resevwa kritik depi li te fin fè deklarasyon yo nan yon seri de twit li te pibliye dimanch pase a-- pa sòti pou l fè back sou sa l te di yo. Nan nouvo tweet li mete deyò nan kòmansman jounen madi a, li fè konpliman pou palmantè repibliken yo poutèt yo vote kont rezolisyon an e li kontinye vide kritik sou 4 depite yo: Ilham Omar, Elexandria Ocasio-Cortez, Ayana Pressley a Rashida T-Laib. Misye Trump deklare:
“Sete yon bèl bagay pou n te wè kijan Pati Repibliken an te rete ini pandan vòt jodi a konsènan deklarasyon m te fè sou 4 deptite demokrat fanm. Si nou bezwen wè plis deklarasyon, se pou nou gade tout vye pawòl tèrib yo te di sou peyi nou an, sou Izrayèl e plis pase sa toujou.”