Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Lèt Depite Ameriken yo pou Sekretè Deta Blinken


Lokal Kongrè ameriken an, nan Washington, D.C.

Men kèk ekstrè yon lèt 68 manm Chanm Bas Kongrè ameriken an voye bay Sekretè Deta Antony Blinken, jou lendi 26 avril 2021 an, konsènan sitiyasyon an an Ayiti ak politik Lèzetazini vizavi Ayiti.

Chè Misye Sekretè Deta:

Nou ekri w pou n eksprime kèsote grav e ijan nou genyen konsènan sitiyasyon an k ap deteryore rapidman ann Ayiti. Menmsi nou apresye angajman pèsonèl ou vizavi Ayiti, ak kritik Depatman Deta te fè sa pa gen lontan kont kèk aksyon enkonstitisyonèl administrasyon Prezidan Jovenel Moise la te poze, nou panse li lè, li tan pou yon revizyon pi enpòtan politik Lezetazini ann Ayiti. Nou pare pou n travay avèk ou pou n fè sa tounen yon reyalite.

Nou ankouraje w pou w apiye souvrènte vwazen ki pi ansyen Lèzetazini genyen nan emisfè a; pou w fè sa, ou va reyafime angajman Lèzetazini vizavi prensip demokrasi ak eta de dwa yo. Administasyon Biden nan eritye yon kriz ki gen plizyè fasèt (kontitisyonèl, dwamoun, ekonomik, sosyal), ke aksyon gouvènman ki te la anvan an te agrave. Sepandan, nou dwe rekonèt ke kriz jounen jodi a pa t kòmanse ayè. Pandan plizyè dizèn dane, kominote entènasyonal la envesti plizyè santèn milyon dola pou ede Ayiti reyalize stabilite politik ak yon demokrasi reprezantatif. Pou nou avanse yon fason pi pwodiktif, nou dwe rekonèt ke efò sa yo pa rive akonpli objektif vize yo e ke, si nou kontinye sou menm wout la, se agrave nou t ap agrave sitiyasyon an.

Antony Blinken, Sekretè Deta ameriken.
Antony Blinken, Sekretè Deta ameriken.

Pi lwen, manm Chanm Depite ameriken an mande chèf diplomasi Lèzetazini an pa ofri gouvènman ayisyen aktyèl la okenn asistans pou kore pwojè referandom li genyen pou l chanje konstitisyon 1987 la. Se konsa tou, 68 depite ameriken yo di yo pa apresye le fèt ke Depatman Deta abitye pran pozisyon piblikman sou sa lèt la rele “mezantant politik entèn” ki egziste ann Ayiti. Dokiman an site, pa egzanp, le fèt ke otorite nan Depatman an te bay opinyon yo sou kesyon ki gen rapò ak fen manda Prezidan Jovenel Moise.

“Lè nou konsidere tout faktè sa yo, nou ankouraje Depatman Deta a pran dispozisyon sa yo:

1.- Pale klè pou l di Lèzetazini pa p ofri okenn sipò, finansye ou teknik, pou fasilite referandòm sou konstitisyon ki pwopoze a, san bliye atravè enstitisyon miltilateral. Nou note ke, nan diskisyon otorite nan Depatman Deta a fè avèk manm Kongrè a, yo deklare yo pa panse li apwopriye pou responsab yo avanse ak referandòm nan. Sepandan, Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak Misyon Nasyon Zini ann Ayiti a (BINUH) ofri apui vèbal yo pou pwosesis la. Nou ankouraje Depatman Deta seryezman pou l itilize vwa li ak vòt li nan enstitisyon sa yo pou l garanti ke lajan kontribyab ameriken yo pa depanse pou kore referandòm sa a.

2.- Koute vwa sosyete sivil la ann Ayiti ak òganizasyon lokal de baz yo, ki pale klè pou di okenn eleksyon sou gouvènman ki la jodi a pa p lib, ni onèt, ni merite konfyans. Olye de sa, Depatman Deta ta dwe santre atansyon li sou kesyon lejitimite demokratik enpòtan ke Sosyete Sivil Ayiti a idantifye, epi apiye yon pwosesis chanjman ke Ayiti, li menm, va dirije. Tout eleksyon ki dewoule san li pa satisfè prensip patisipasyon ak lejitimite ki aksepte entènasyonalman, se yon eleksyon ki pral tou senpleman minen plis toujou konfyans nan gou ènans demokratik, sa pral gaspiye resous ki deja limite, epi kenbe an plas yon sèk enstabilite ak vyolans politik.

3.-Idantifye klèman epi mete devan Kongrè a eleman evalyasyon ou pral itilize pou detèmine si eleksyon an Ayiti ap lib e onèt, pandan ou va fikse yon delè reyalis pou w reyalize objektif sa yo ki si nesesè.

Depite ameriken yo bay opinyon yo sou fason Depatman Deta ta dwe konpòte l vizavi deba k ap fèt ann Ayiti sou diferan dispozisyon ki nan konsitiwyon ayisyèn nan ak rezon ki fèò li merite chanje, daprè kèk sektè nan peyi a, oubyen li ta dwe rete jan li ye a, dapre kek lot gwoup obsevate k ap analize dosye a ann Ayiti.

4.- Pa bay opinyon ou sou entèpretasyon konstitisyon an ann Ayiti, espesyalman pou sa ki konsènen mezantant sou manda Misye Moise la. Nou note gen yon bann ak yon pakèt espesyalis nan kesyon legal ann Ayiti -pami yo gen manm Federasyon Bawo Avoka Ayisyen yo- ak divès sektè nan sosyete sivil la ki prezante yon entèpretasyon ki diferan ak entèpretasyon Depatman Deta a. Olye pou Lèzetazini pran pozisyon nan yon mezantant politik entèn, li dwe tande e rekonèt tout kalite vwa. Se pèp ayisyen an ki pral detèmine lejitimite lidè li yo e non pa yon gouvènman etranje kèlkonk.

5.- Ankouraje pwoteksyon dwamoun ak etadedwa gras ak aplikasyon Lwa Magnitsky Global la kont tout moun ki enplike nan abi, si gen prèv kredib pou sa. Nou note sanksyon Depatman Trezò Ameriken an pran kont 3 moun, pami yo gen 2 ansyen ofisyèl gouvènman an, pou wòl yo nan masak Lasalin nan an desanm 2020. Nou dwe elaji kad desizyon pozitif sa yo plis toujou.

7.- Apiye re-deziyasyon Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou migran ayisyen k ap viv Ozetazini yo epi kanpe pwovizwaman aplikasyon Lwa No. 42 sou ekspilsyon moun sou Ayiti. Nou note ke, nan mitan kriz politik aktyèl la, Depatman Sekirite Enterè ameriken an depòte plis pase yon afe de mil senk san (1500) moun ann Ayiti depi kòmansman mwa fevriye a sèlman, malgre nou byen konnen moun ki retounen ann Ayiti yo “kapab fè fas ak danje.” Li enpòtan anpil-anpil pou Lèzetazini konfòme l avèk obligasyon legal nasyonal e entènasyonal Ii, epi bay tout migran aksè ak sistèm azil la.”

Pi lwen, depite ameriken an fè Depatman Deta a de (2) rekòmandasayon: 1. Pou l nonmen yon Reprezantan Espesyal pou Ayiti ki ta la pou travay an pèmanans sou dosye Ayiti yo, epi sèvi kòm fasilitatè dyalòg ant Ayisyen nan peyi a ak Ayisyen nan Dyaspora a sou fason pou ranfòse baz demokrasi ann Ayiti

8. Rekadre epi refòme politik Lèzetazini ann Ayiti gras ak nominasyon yon aktè ki merite konfyans pou sèvi kòm Reprezantan Espesyal pou Ayiti. Misyon yon moun ki okipe yon pozisyon konsa se sipèvize yon revizyon jeneral asistans etranjè Lèzetazini, e li va gen pou l travay pou pèmèt aktè ki epapiye -kit se sa ki ann Ayiti, kit se sa ki nan kominote entènasyonal la—reyini ansanm avèk lide pou kore yon strateji Ayisyen va lanse pou devlope demokrsi. Yon nominasyonn nan wo nivo konsa ta kapab non sèlman ouvri kanal yo pou kominikasyon anndan Depatman an, men tou sa ka voye yon mesaj klè sou enpòtans Ayiti genyen pou ou e pou rès administrasyon Biden nan.

9.- Fè konsiltasyon nan wo nivo avèk reprezantan sosyete sivil ayisyen an e ak gwoup nan dyaspora a pou w tande kèsote yo ak rekòmandasyon yo sou fason Ayiti ka avanse sou wout demokrasi a.

Anba lèt sa a nou jwenn siyati 68 manm Chanm Bas Lèzetazini an.

XS
SM
MD
LG