WASHINGTON, DC —
Chanm Depite ameriken an apwouve, jedi 22 mas 2018 la, yon bidjè depans ki monte rive 1 trilyon 300 milya dola. Se yon pa an avan sou wout ki ka anpeche gouvènman federal la fèmen. Lachanm apwouve lejislasyon an ak 256 vwa POU e 167 vwa KONT.
Kounye a bidjè depans gouvènman federal ameriken an prale devan Sena a ki gen jiska vandredi a minui pou li apwouve li e evite an menm tan yon 3èm fèmti gouvènman an pou ane sa a. Chanm Depite a apwouve lejislasyon an kèk èdtan aprè otorite yo te pibliye dokiman an mekredi swa. Dokiman an genyen 2200 paj.
Paske pwopozisyon-lwa sou bibjè a se byen kapab dènye lejislasyon enpòtan ki pase nan Kongrè a pou ane sa a, palmantè tou 2 pati yo te redi anpil pou yo mete ladan n pwopozisyon sou depans yo chak ta renmen wè kò lejislatif ameriken an apwouve pou Eta pa yo.