Accessibility links

Breaking News

Depozisyon sou Atak Daso 6 Janvye 2021 an sou Kongrè Ameriken an Tanmen nan Washington


Polisye ameriken ki rann temayaj yo sou sa k te pase nan Kongrè a nan dat 6 janvye 2021 an.
Polisye ameriken ki rann temayaj yo sou sa k te pase nan Kongrè a nan dat 6 janvye 2021 an.

4 polisye ameriken ki t ap fè depozisyon yo devan yon komisyon Chanm Depite a sou ensidan an bay manm komisyon an detay sou fason foul moun sa yo te fonse sou Kongrè a nan yon efò echwe pou yo te anpeche senatè yo ak depite yo sètifye viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl novanm 2020 an. 

Nan Washington, kapital federal Lèzetazini, seyans depozisyon yo kòmanse nan matine madi 27 jiyè 2021 an sou atak daso yon gwoup patizan ansyen Prezidan Donald Trump te lanse le 6 janvye pase a sou lokal Kongrè a.

4 polisye ameriken ki t ap fè depozisyon yo devan yon komisyon Chanm Depite a sou ensidan an bay manm komisyon an detay sou fason foul moun sa yo te fonse sou Kongrè a nan yon efò echwe pou yo te anpeche senatè yo ak depite yo sètifye viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl novanm 2020 an.

Nan 4 polisye sa yo, 2 se ajan sekirite Kongrè a epi 2 lòt yo se manm depatman polis vil Washington D. C. Nan yon pwen nan seyans depozisyon yo, se avèk dlo nan je temwen yo te deklare kijan yo te pè pou lavi yo nan moman anviwon 800 machann dezagreman te jwenn mwayen travèse baryè sekirite ki te antoure lokal Kongrè a -paske yo te an pi gran nonb pase ajan sekirite yo- epi yo te antre avk gwo fòs anndan batiman an padan yo t ap lanse vye pawòl rasis ak politik pike sou polisye yo. Kèk nan mesye-dam sa yo ta pral livre yon batay kò-a-kò ak polisye yo; genyen ki te flite gaz lakrimojèn nan je yo, tandiske kèk lòt te eseye pran zam ak boukliye yo nan men yo.

Ajan polis Kongrè ameriken an, Harry Dunn, ki te pran kriye pandan li t ap fè depozisyon l devan komisyon dankèt Chanm Bas la sou atak 6 janvye 2021 an.
Ajan polis Kongrè ameriken an, Harry Dunn, ki te pran kriye pandan li t ap fè depozisyon l devan komisyon dankèt Chanm Bas la sou atak 6 janvye 2021 an.

Sesyon madi 27 jiye a, ki te dire 3 zèdtan edmi, te dewoule sou premye jou seyans depozisyon piblik komisyon an pwograme sou atak la ki te fèt sa gen plis pase 6 mwa, kote 7 moun te pèdi lavi yo tandiske plis pase 100 lòt te blese. Nan plis pase 2 syèk, se atak ki pi mòtèl ki fèt sou lokal Kongrè Lèzetazini an ki reprezante senbòl demokrasi amerikèn nan. 7 manm demokrat ak 2 manm repibliken komisyon an te koute temwayaj ajan-polis yo avèk anpil atansyon, tandiske responsab yo t ap retransmit seyans la an dirèk sou televizyon, radyo ak entenèt la pou oditè, telespektatè ak entenènot atravè tout peyi a.

Nan semèn k ap vini la yo, se posib pou komisyon dankèt Chanm Depite a voye manda bay anpil temwen -pami yo kapab genyen ansyen Prezidan Donald Trump- pou yo prezante nan Kongrè a pou yo f depozisyon yo epi di, sou sèman, tout sa yo te konnen davans sou atak daso sou lokal palman ameriken an ak sa yo konnen ki te pase pandan lese-frape ki te dewoule ant popilas patizan ansyen prezidan an avèk ajan polis ki t ap pwoteje batiman an.

XS
SM
MD
LG