Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Gouvènman an Relouvri pou yon Peryòd 3 Semenn


Sen. Susan Collins (R-Maine, agoch) ak Sen. Joe Manchin (D-W.Va., adwat), ki tap trenke vè chanpayn yo pandan yo tap tann pou yo patisipe nan yon konferans pou laprès nan Kongrè a nan Washington, aprè vot ki apouive re-ouvèti gouvènman an. (Foto: 22 janvye 2018).
Sen. Susan Collins (R-Maine, agoch) ak Sen. Joe Manchin (D-W.Va., adwat), ki tap trenke vè chanpayn yo pandan yo tap tann pou yo patisipe nan yon konferans pou laprès nan Kongrè a nan Washington, aprè vot ki apouive re-ouvèti gouvènman an. (Foto: 22 janvye 2018).

Prezidan Donald Trump siyen yon lejislasyon ki relouvri gouvènman ameriken an, sa ki mete fen nan 3 jou yon fèmti pasyèl. Sa k te koze fèmti sa a sete, an pati, yon mezantant sou dosye imigrasyon an. Byen ta lendi 22 janvye 2018 la, manm Chanm Depite a te vote pou yo apwouve lejislasyon an ki te deja pase nan Sena a pi bonè nan jounen an.

Lwa a -ki rele "rezolisyon kontinuite"- ap pèmèt gouvènman federal la kontinye jwenn lajan pou l fonksyone rive jous 8 fevriye 2018; sa pral bay manm kongrè a tan ki nesesè pou yo jwenn yon akò a lon-tèm sou bidjè nasyonal la pou ane fiskal 2018 la.

Senatè Sherrod Brown (R.-Ohio) fè laprès konnen: "Se yon bon nouvèl pou peyi a." Senatè Susan Collins (R.-Maine), bò kote pa l, deklare: "Jodi a se yon jou selebrasyon. Fèmti gouvènman an reprezante pi gwo echèk pou moun k ap dirije peyi a."

Prezidan Trump pibliye yon tweet kote li fè konnen: "Aprè yon gwo viktwa pou Repibliken yo, mwen vle wè yon gwo viktwa pou tout moun. Nou ta dwe kapab fè viktwa sa a tounen yon reyalite. Randevou bò tab negosyasyon an."

La Mezon Blanch fè konnen Demokrat yo fè bak apre Prezidan Trump te refize negosye avèk yo sou dosye imigrasyon an toutotan yo pat kite gouvènman an relouvri. Demokrat yo yo pa kanpe sou pozisyon yo paske yo te vle wè Kongrè a pran yon angajman pi solid pou pwoteje anviwon 700 mil jenn imigran ki te antre ilegalman Ozetazini avèk paran yo pandan yo te piti.

XS
SM
MD
LG