SANTIAGO —
Chanm bas Kongrè Chili a apwouve yon pwojè lwa ki legalize maryaj ak adopsyon koup ki gen menm seks yo. Pwojè lwa a pral avanse kounyea nan faz final la anvan yo adopte'l.
Sena Chili a te deja apwouve pwojè lwa a e kounyea lap tann kèk modifikasyon final ki gen rapo ak dwa koup menm seks yo.
Prezidan Sebastián Piñera endike li pral siyen lwa a. Chili aksepte unyon sivil ant koup ki gen menm seks yo depi ane 2015, men pwojè lwa sila a pat gen pwovizyon pou adopsyon ladann.
Pwopozisyon maryaj la te bloke nan Sena a pandan 4 an, jiskaske prezidan konsèvatè a te fè tout moun sezi lè'l te anonse li pral pouse pou pi devan avè'l.