Accessibility links

Breaking News

Lis Manm Komisyon Endepandan Verifikasyon Elektoral la ap Piblik Anvan Lontan


Ann Ayiti, prezidan provizwa a, Jocelerme Privert, pare pou l pibliye lis non pèsonalite ki pral fòme komisyon endepandan verifikasyon elektoral la. Nap raple misyon komisyon sa a se re-evalye rezilta eleksyon prezidansyèl ak palmantè ki te dewoule nan fen ane 2015 la.

Pierre Espérance, dirijan RNDDH (Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun ann Ayiti) ki te fè pati komite ki te travay sou tèm-referans komisyon an, fè konnen komisyon an pral genyen 5 manm kap sòti nan 5 enstitisyon ou antite sa yo:

-premye komisyon evalyasyon elektoral la;

-ansyen konsèy elektoral pwovizwa a;

-lòd kontab pwofesyonèl yo;

-Asosyasyon Enjenyè Ayisyen yo;

-Epi Legliz Episkopal ou Legliz Anglikàn).

Daprè Misye Espérance toujou, komisyon ta dwe konplè anvan fen semèn sa a menm e li pral kòmanse travay imedyatman.

=================================

Manm palman ayisyen an gen opinyon depaman sou travay komisyon endepandan evalyasyon elektoral la pral fè a. Si Senatè Jean Renel Sénatus – Prezidan komisyon Jistis ak Sekirite nan Sena a- ak Jean-Marie Salomon Jr., byen akeyi inisyativ la, yo gen preokipasyon sou fason komisè yo pral akonpli misyon yo. Youn (Sénatus) gen kè-sote pou se pa revanj ak santiman patizan ki motive manm komisyon an, tandiske lòt la (Salomon) poze kesyon pou l mande eske pa gen posibilite pou ansyen KEP a deja pase alaksyon diskrètman epi modifye kèk nan rezilta eleksyon yo. Bò kote pa l, Depite Jean Etienne (Kap-Ayisyen) fè konnen Prezidan Privert ta fè yon bagay ki pi itil si l te konsakre tan n sou rechèch solisyon pou pwoblèm mizè pèp ayisyen an ap konfwonte.

================================

Anfen, prezidan Lig Evanjelis Ayisyen yo, Pastè Ulysse Hugo, fè konnen lidè ayisyen yo ap pèdi tan yo; yap trennen pye yo sou pretèks ke yap chache solisyon pou difikilte nasyon an ap konfwonte. Misye Hugo fini pa di se yon lidè eli sèlman ki kapab jwenn solisyon pou pwoblèm peyi a.

XS
SM
MD
LG