Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Komisyon Senatoryal la Mande Plis Tan pou l Evalye Dosye Premye Minis Deziye a


Ann Ayiti, komisyon senatoryal kap etidye dosye Premye Minis deziye a, Doktè Gary Conille, anonse li bezwen plis tan avan pou li remèt rapò final li bay Gran Kò a.

Yon lòt kote, Prezidan peyi Ekwatè a, Rafael Correa, genyen pou l ale ann Ayiti madi 27 septanm 2011 la, pou li rankontre ak Prezidan Michel Martelly ak lot otorite.

Sou pwogram vizit sa a, lidè ekwatoryen an ak tokay ayisyen li pral fè yon toune nan elikoptè nan Depatman Latibonit la kote manm Ekwatè genyen nan fòs mentyen lapè entènasyonal la (MINUSTAH) ap reyalize kèk pwojè.

Anfen Klid Madrid la (Le Club de Madrid) ap voye yon delegasyon jodi a ann Ayiti pou evalye sitiyasyon an nan peyi a e sitou montre apui li pou efò k ap fèt --ou ki ta dwe fèt—pou ranfòse demokratizasyon enstitisyon yo nan peyi a.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute korespondan nou Clarens Renois ki reponn kesyon Jean Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG