Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Komisyon Senatoryal K ap Etidye Dosye Premye Minis Deziye a Kapab Remèt Rapò li Semèn sa a


Ann Ayiti, komisyon senatoryal k ap etidye dosye Premye Minis deziye a, Laurent Lamothe, anonse li kapab pare, depi semèn sa a, pou l remèt Sena a rezilta analiz l ap fè sou dosye Misye Lamothe la.

Prensipal misyon gwoup la se chache konnen si Premye Minis deziye a ranpli kondisyon pou l okipe fonksyon Chèf Gouvènman an, sitou si li genyen doub nasyonalite. Pèsonalite ki konfime anons la pou Lavwadlamerik, se yon manm komisyon an, Senatè Kelly Bastien.

Si gwoup senatoryal la bay Misye Lamothe bon kanè e si li jwenn ratifikasyon Sena a, li pral ranplase Doktè Garry Conille ki te bay demisyon n nan fen mwa fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG