Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Regrèt Lidè Ayisyen yo Pa Jwenn yon Akò sou Kriz la nan Chita Pale Kay Nonsyati a


Kò Gwoup la
Kò Gwoup la

Negosyasyon ki sot dewoule pandan 3 jou nan Nonsyati Apostolik la fini san pati konsène yo pa jwenn yon akò sou kriz peyi a ap travèse a. Yon gwoup nan patisipan yo mande pou prezidan an demisyone 7 Fevriye 2021 apre eleksyon yon nouvo prezidan ak nominasyon yon premye minis k ap soti nan opozisyon an ki pral fòme yon gouvènman.

Sipòtè pouvwa a pa dakò lide pou redui manda Prezidan Jovenel Moise. Yo pwopoze fòmasyon yon gouvènman konsansis ak Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a.

Nan yon kominike gouvènman an pibliye, li rekonèt gen pwogrè ki fèt e ke chita pale a ap kontinye. L'ONU ak l'OEA rekonèt echèk negosyasyon yo. Nan yon kominike Core Group l a di li regrèt patisipan yo pa rive jwenn yon akò malgre jefò ki fèt nan sans sa a.

XS
SM
MD
LG