Kominote entènasyonal la kontinye apiye pwosesis elektoral la malgre yon pati enpòtan nan opozisyon an ap manifeste pou mande demisyon manm KEP a an ak Prezidan René Préval.
Nan yon entèvyou ak korespondan nou Rotchild François Junior, anbasadè peyi Lafrans nan Pòtoprens, Diddier Lebret, fè konnen eleksyon yo enpòtan pou konsolide demokrasi nan peyi Dayiti; daprè li konsèy elektoral la ta dwe gen chans pou l òganize vòt 28 novanm yo.
Divès sektè nan opozisyon an avèk Sosyete Sivil la te anonse nan kòmansman semèn nan 2 jou manifestasyon (mèkredi 28 ak jedi 29 jiyè) po egzije demisyon Prezidan Préval ak tout manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Pandansetan, aktivite yo ap kontinye nan tribinal peyi a aprè ouvèti asiz kriminèl yo, tandis ke korespondan nou yo fè nou konnen se pa nan Pòtoprens sèlman pwotestasyon ap dewoule kont chèf deta a ak KEP a.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik pou jounen jedi 29 jiyè 2010 la.