Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Mande Yon Pwosesis Elektoral Endepandan ann Ayiti


Donatè yo fè demand sa a nan moman Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak KARIKOM voye sou plas yon gwoup obsèvatè k ap rete nan peyi a jiskapre eleksyon jeneral 28 novanm yo.

Nan kòmansman mwa out la, chèf gouvènman ayisyen an, Jean Max Bellerive, te siyen ak yon responsab Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) yon akò sou dekèsman lajan ki nesesè pou reyalizasyon eleksyon yo --eleksyon k ap koute 28 milyon 900 mil dola.

Yon gwoup nan opozisyon an ki pap patisipe nan eleksyon yo kritike desizyon KEP a te pran pou l aksepte kandidati ansyen manm gouvènman an, ki t ap jere lajan Leta, malgre yo pa resevwa dechaj k nesesè pousa.

Nouvèl yo rapòte deklarasyon prezidan sena a Kelly C Bastien ki kwè manm KEP la vyole konstisyon an lè yo pran desizyon pou yo modifye lwa elektoral la.

Deba sa yo ap fèt nan moman Konsèy Elektoral Pwovizwa a la pral bay pati ki agreye pou yo patisipe nan eleksyon an nimewo idantifikasyon kandida yo pral sèvi pandan eleksyon yo.

KEP a gen pou l pibliye semen pwochèn nan lis kandida li otorize pou nan eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG