Accessibility links

Breaking News

Kolonbi-Rebèl: Liberasyon yon Otaj ki te Anba Men FARC depi 2 Mwa


Yon obsèvatè Nasyonzini kap bay lamen avèk yon rebèl nan Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi a (FARC) anvan yon reyinyon nan La Carmelita tou pre Puerto Asis nan sidwès Kolonbi nan Putumayo, 1 mas 2017.
Yon obsèvatè Nasyonzini kap bay lamen avèk yon rebèl nan Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi a (FARC) anvan yon reyinyon nan La Carmelita tou pre Puerto Asis nan sidwès Kolonbi nan Putumayo, 1 mas 2017.

Daprè ajans Frans Press, non otaj la se Harley Lopez, yon sitwayen kolonbyen. Se yon anplwaye Nasyon Zini.

Nan Kolonbi, otorite yo fè konnen rebèl gwoup militan FARC (Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi) libere yon moun ki tap travay sou kontra pou Nasyon Zini. Liberasyon sa a rive mèkredi 5 jiyè 2017 la aprè otaj la fin pase 2 mwa nan men rebèl yo. Daprè ajans Frans Press, non otaj la se Harley Lopez, yon sitwayen kolonbyen.

Direktris biwo enfòmasyon Nasyon Zini an nan Bogota, Hellene Papper, deklare:

“Nou gen anpil rekonesans pou desizyon gwoup la pran pou li libere misye a ki an bòn sante. Pou le moman nap fè tout aranjman lojistik pou n fè transfere li nan Bogota."

Lè gwoup FARC la te pran Misye Lopez an otaj nan mwa me pase a, manm Konsèy Sekirite l'ONU tap reyini nan Kolonbi pou diskisyon sou yon akò lapè ki ta ka mete fen nan yon gè sivil ki la depi plizyè dizèn ane.

XS
SM
MD
LG