Accessibility links

Breaking News

Kolektif 4 Desanm Bay yo Rapò sou Maraton nan Kad Jefò pou Ede ak Rekonstriksyon Radyo Kiskeya


Maraton Kolektif 4 Desann pou Ede ak Rekonstriksyon Radyo Kiskeya
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:29 0:00

Dirijan Kolektif 4 Desanm yo anonse yo rive kolekte yon milyon 900 mil goud plis yon lòt sòm ki depase 6 mil dola ameriken nan kad maraton kolektif la òganize pou rekonstriksyon Radyo Kiskeya ki te detrui nan yon dife nan dat 21 desanm 2018 la.

Jean Robert Argant, youn nan manm komite direktè Kolektif la, te patisipe nan yon konferans pou laprès nan Petyonvil mèkredi 30 janvye 2019 la, kote li bay detay sou sa ki motive gwoup la pou l kore efò k ap fèt pou ede Radyo Kiskeya leve anba sann dife ki te boule estasyon an nan fen ane pase a.

Marvel Dandin, ko-direktè radyo a, te pran lapawòl pou l di tout apresyasyon responsab Kiskeya yo pou jès Kolektif 4 Desanm nan.

XS
SM
MD
LG