Accessibility links

Breaking News

Kèk Manm Kongrè Ameriken an Aplodi yon Desisyon Jistis ki an Favè Jennn Imigran Ilegal yo


Jenn Imigran ki t ap pwoteste tou prè lokal Kongrè a pou yo mande Imigrasyon Lèzetazini konsève pwogam DACA a (Foto: Iacopo Luzi/VOA Washington)
Jenn Imigran ki t ap pwoteste tou prè lokal Kongrè a pou yo mande Imigrasyon Lèzetazini konsève pwogam DACA a (Foto: Iacopo Luzi/VOA Washington)

Ozetazini, manm kongrè a ki apiye yon pwogram pou pwoteje jenn imigrasyon san papye yo kont depòtasyon, bat bravo pou yon desizyon yon tribinal premye enstans pran pou l egzije otorite imigrasyon yo kite an plas pwogram sa a ki rele: "Aksyon Retwoaktif pou Pwoteje Jenn Imigran ki te Rive Ozetazini Tou Piti", an abreje anglè "DACA".

Senatris demokrat Amy Klobuchar -ki reprezante Eta Minnesota nan Gran Kò a e ki pale ak Lavwadlamerik- deklare:

"An plis de sa jij yo deklare sou dosye a, desizyon sa a se volonte pèp ameriken an. Sitwayen nou yo vle pou jenn imigran yo rete viv Ozetazini. Plis pase 90% nan yo se moun k ap travay oubyen ki prale lekòl."

Senatris Amy Kobuchar (D-Minn) ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Kongrè a kote li te di "Divèsite fè richès Lèzetazini."
Senatris Amy Kobuchar (D-Minn) ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Kongrè a kote li te di "Divèsite fè richès Lèzetazini."

Ane pase a, Prezidan Trump te fikse 5 mas 2018 la kòm dat pou Pwogram DACA a pran fen. Se yon pwogram ki bay 700 mil imigran ki te antre Ozetazini ak papa yo e ak manman yo lè yo te timoun, pèmi pwovizwa pou yo travay e etidye nan peyi a.

Nan jounen madi 24 avril 2018 la, yon jij federal pase lòd pou administrasyon Trump la konsève Pwogram DACA a e pou l aksepte nouvo aplikasyon pou pwogram nan. Anvan sa, 2 lòt jij te pase lòd pou otorite imigrasyon yo konsève pwogram nan sèlman pou moun ki te deja ap benefisye de DACA.

XS
SM
MD
LG