Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: 2 Lòt Kandida Demokrat Kite Kous Prezidansyèl la, Klobuchar ak Bittigieg.


Kandida Amy Klobuchar ak Pete Bittigieg pandan yon deba Pati Demokrat la nan vil Atlanta, Eta Jòji, 20 Novanm 2019. (Foto: REUTERS/Brendan McDermid).
Kandida Amy Klobuchar ak Pete Bittigieg pandan yon deba Pati Demokrat la nan vil Atlanta, Eta Jòji, 20 Novanm 2019. (Foto: REUTERS/Brendan McDermid).

Senatris amerikèn, Amy Klobuchar (D-Minnesota), mete fen nan kandidati li pou nominasyon Pati Demokrat la nan jounen lendi 2 mas 2020 a e li anonse plan li genyen pou l endose ansyen Vis Prezidan Joe Biden. Li pran desizyon sa a yon jou avan sa yo rele “Super Tuesday” oubyen Sipè Madi a, swa jou kote elektè yo pral vote nan primè k ap dewoule nan 14 eta.

Madam Klobuchar te prezante tèt li kòm yon kandida pratik ak tèt frèt pandan kanpay pou nominasyon Pati Demokrat la, kote li te pran kèk pozisyon modere sou anpil kesyon –pami yo genyen opozisyon li kont lide pou gouvènman an te pran kontwòl domèn asirans sante a Ozetazini.

Sepandan, malgre yon brèf monte nan sondaj politik yo o-kòmansman, li pa t rive pi wo pase 3èm plas sou 6 kandida nan 4 premye eleksyon primè ou “caucus” ki te dewoule nan mwa fevriye a. Sondaj ki fèt anvan “Supè Madi a” montre sou 14 eta, se nan eta pa l la sèlman, Minnesota, li t ap devan lòt kandida yo. Daprè sa pwòch kolaboratè li yo fè konnen, li pral pran lapawòl nan vil Dallas, Eta Tegzas, nan sware lendi 2 mas la, nan yon diskou kote li pral andose Joe Biden. Ansyen Vis Prezidan te ranpòte yon viktwa lavalas nan eleksyon primè ki dewoule samdi pase a nan Eta Kawolin di Sid –swa premye viktwa li nan 3 eleksyon.

Eleksyon 2020 - Amy Klobuchar
Eleksyon 2020 - Amy Klobuchar

Senatris Klobuchar pran desizyon pou l kite kous prezidansyèl la yon jou apre yon lòt kandida demokrat modere, ansyen majistra kominal vil South Bend, nan Eta Indiana, Pete Buttigieg, te mete fen nan kanpay pa l la. Li menm tou gen plan pou l andose Misye Biden.

Nan moman kandida Buttigieg –premye gason kareman omoseksyèl ki poze kandidati l pou pòs prezidan ameriken an- t ap anonse retrè li a nan kous la, li te deklare se yon “desizyon difisil” li pran pou l kite konpetisyon elektoral la. Li pwomèt pou l fè tout sa ki posib pou se yon Demokrat ki antre nan La Mezon Blanch nan mwa janvye 2021. Li ajoute li espere li rive lanse bay tout timoun ki “diferan ak majorite timoun parèy yo” yon mesaj ki montre ke yo menm tou, yo kapab tounen yon kandida a la prezidans ki ka pran devan nan kous la menm jan avèk li, “ki te genyen mari li bò kote li.”

Pete Buttigieg, ki t ap bay elektè yo lanmen pandan li t ap mennen kanpay nan vil Dubuque, Eta Iowa, nan dat premye fevriye 2020. (Foto: REUTERS/Jonathan Ernst).
Pete Buttigieg, ki t ap bay elektè yo lanmen pandan li t ap mennen kanpay nan vil Dubuque, Eta Iowa, nan dat premye fevriye 2020. (Foto: REUTERS/Jonathan Ernst).

Nan primè Eta Kowolin di Sid, Pete Buttigieg te fini nan 4èm plas e li pa t ranpòte okenn delege. Kap kanpay li a te pran bon jan van o-kòmansman avèk yon viktwa tou mens nan “caucus” Eta Iowa a plis yon 2èm plas sere-sere nan primè Eta New Hampshire la. Men li te gen pou l redi anpil pou l te jwenn apui elektè modere yo devan Joe Biden ki gen plis popilarite pase l pami votan nwa-ameriken yo.

Misye Biden di li konsidere kandidati Buttigieg la kòm “yon kanpay istorik ki ouvè chemen an pou lòt”, tandiske kandida Mike Bloooberg, li menm, deklare kanpay Buttigieg la fè Pati Demokrat la vin “pi fò e Lèzetazini vin yon pi bon peyi.”

XS
SM
MD
LG