Accessibility links

Breaking News

Klasman FIFA Aprè Mondyal Afrik Disid la


Lespay okipe plas nimewo 1 nan klasman FIFA pibliye apre lseleksyon nasyonal peyi sa a fin ranpòte pou la premyè fwa tit chanpyon dimond la. Nan klasman FIFA pibliye jmèkredi 14 jiyè a, vis chanpyon mondyal la , La Oland, klase 2èm devan Brezil ki 3èm; answit nou jwen Lalmay, Ajantin, Irigwe ki soti nan 16èm plas pou l okipe 6èm pozisyon epi Langletè. Pòtigal pèdi pye, li soti nan 3èm plas pou l vini an 8èm pozisyon nan klasman FIFA a devan Ejipt (9èm) epi Chili ki konplete lis 10 premye seleksyon mondyal yo. Itali, ki te champyon dimond sa gen 4 an , okipe 11èm pozisyon kounye la, e la Frans, ki te vis champyon an 2006 degrengole pou l tonbe nan 21èm pozisyon. Kwoasi soti nan 10èm plas la pou l okipe 15èm pozisyon an nan klasman FIFA a.

Nan zòn KONKAKAF la, Lèzetazini klase 13èm devan Meksik ki okipe 24èm plas la. Nan Karayib la , nou jwenn Trinidad/Tobago nan 76èm pozisyon, Jamayik klase 83èm epi Ayiti okipe 130èm plas la nan klasman FIFA a.

XS
SM
MD
LG