Otorite eta Texas di yo jwenn 2 makak yon moun vòlè nan Zoo Dallas la nan yon kay abandone, yon jou apre yo te dekouvri makak sa yo disparèt nan kaj yo ke sanble yon moun kraze.
Sepandan lapolis poko arete okenn moun, e gen yon mistè ozalantou seri evenman ki te debouche sou disparisyon makak sa yo. Pami evenman misterye yo genyen koupi kloti a, yon ti leyopa sove epi yon zwazo ki an danje disparisyon mouri nan kondisyon sispèk.
Lapolis Dallas fè konnen yo te jwenn 2 makak Anprè Tamaren yo Madi apre yon moun te voye yon mesaj ba yo pou di yo makak yo taka nan yon kay abandone nan vil Lancaster ki tou pre pak zowolojik la.
Se konsa yo te jwenn makak yo sen e sof nan yon klozèt kay la.