Accessibility links

Breaking News

15 Janvye 2018 la: Ameriken yo Ap Selebre Jounen Martin Luther King


Martin Luther King Jr. ki t ap salye foul la devan Moniman Lincoln nan kote li ta pral pwononse diskou istorik li a “I have a Dream” pandan Mach sou Washington nan, nan dat 28 out 1963.
Martin Luther King Jr. ki t ap salye foul la devan Moniman Lincoln nan kote li ta pral pwononse diskou istorik li a “I have a Dream” pandan Mach sou Washington nan, nan dat 28 out 1963.

Nan jounen lendi 15 janvye 2018 la, pèp ameriken an ap selebre “Jounen Martin Luther King Jinyò a”, jou kote yo onore yon nonm ki reprezante mouvman dwa sivik la e ki tre konprann ke siksè mouvman sa a te depann de prensip non-vyolan ki te mache avèk li yo.

Chak ane, depi 3èm lendi mwa janvye a rive, Ameriken yo onore yon nèg ki te mouri ansasinen e ki, ant ane 50 yo ak ane 60 yo, te òganize mouvman pwotestasyon non-vyolan kont sistèm segregasyon ki te egziste nan pati sid Lèzetazini, lit pou egalite pou nwa yo ak dwa pou yo vote.

Reveran Martin Luther King Jr. ki t ap pran lapawòl devan yon foul anviwon 3 mil moun, nan dat 6 avril 1966, nan Kelly Ingram Park, vil Birmingham, sou 3èm jou yon toune 3 jou atravè Eta Alabama.
Reveran Martin Luther King Jr. ki t ap pran lapawòl devan yon foul anviwon 3 mil moun, nan dat 6 avril 1966, nan Kelly Ingram Park, vil Birmingham, sou 3èm jou yon toune 3 jou atravè Eta Alabama.

Anpil moun atravè tout peyi a pase jounen sa a ap komemore tavay san pran souf Doktè King te reyalize pou l mte fen nan yon sistèm rasis; pou sa, sitwayen ameriken sa yo patisipe nan aktivitye kominotè. Kongrè ameriken an te enstitye lespri kominotè sa a an 1994 ane kote li te deziye jou konje Martin Luther King nan kòm yon jou nasyonal sèvis.

Nan jounen vandredi 12 janvye 2018 la, Prezidan Donald Trump te rann Doktè King omaj nan yon seremoni ki te dewoule nan Washington kote li te chante lwanj pou “kwazad pasifik Pastè King te lanse pou jistis ka egalite.”

Reveran Martin Luther King Jr. ki t ap pran lapawòl devan yon foul anviwon 3 mil moun, nan dat 6 avril 1966, nan Kelly Ingram Park, sou 3èm jou yon toune 3 jou atravè Eta Alabama.

XS
SM
MD
LG