Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Libere 3 Prizonye Ameriken - Yo sou Wout pou Lèzetazini

 3 prizonye yo te parèt sou ekran televizyon nan sal datant yon estasyon tren nan Sewoul, Kore di Sid, nan dat 3 me 2018. Non yo se Kim Dong Chul (agoch), Tony Kim (nan mitan) ak Kim Hak Song. (Foto:AP/Ahn Young-joon).

Prezidan Donald Trump di 3 sitwayen ameriken ki te nan prizon nan Kore di Nò jwenn liberasyon yo e yo sou wout pou yo antre Ozetazini ansanm avèk Sekretè Deta Mike Compeo. Misye Trump fè anons la mèkredi 9 me 2018 la sou kont Tweeter li kote li deklare: "Yo you lè 3 sanble an bòn sante."

Prezidan Trump ajoute li gen plan pou l prezan nan ayewopò a lè 3 mesye yo ap debake pou l akeyi yo. Nouvèl la tonbe aprè Sekretè Deta Pompeo te vizite Kore di Nò pou l prepare yon rankont Prezidan Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pral fè anvan lontan.

Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap rankontre avèk lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, nan Pyongyang, kapital Kore di Nò. La Mezon Blanch, ki pibliye foto a, fè konnen M. Pompeo te fè vizit sa a pandan li te direktè CIA toujou anvan li te tounen chèf diplomasi Lèzetazini..

3 prizonye yo se ameriken-koreyen Tony Kim ak Kim Hak Song ki t ap fè lekòl nan Inivèsite Syans ak Teknoloji Pyongyang nan. Yo te arete yo separeman an 2017 sou akizasyon dèske yo te mele nan konplo pou jete gouvènman an. 3èm nan se Kim Dong Chul; yo te arete l an oktòb 2015 sou akizasyon dèske li ta mele nan espyonaj.

XS
SM
MD
LG